Ta l´ap ta!
 
Vin bay opinyon´w!

Chak jou, nou tande pale de pran konsyans pou peyi a chanje. Sa pa janm ka rive fèt, paske nou tout pa dòmi menm lè, nou pa reveye menm lè. Gen k ap leve lou, gen k ap leve fay. Gen k ap mare, gen k ap trese, gen k ap kòde, gen k ap delage. Tout sa, sou do yon sèl ti Ayiti cheri, manman nou tout la.

Jodia, depatman nò a konprann, enpi l jire. Chante a di : « Si nou sanble…., savledi nou ka renmen, nan renmen nou ka jwenn linyon, ki se sèl fòs sou latè… »

Devan gwo bak, tankou kribich, depatman nò ap rale denpi dikdantan,  pifò peyizan desann lavil, mizè, chomaj, ensekirite, analfabèt, grangou, fatra, rakèt, kòripsyon, ak dezèspwa fin ravaje labil peyi a. Lèspri Anri  Kristòf la deside reveye tout bon. Akote bouton nwa nou te pote pou Jan-Jak Desalin lan, ki tounen bouton blan an, devan sitiyasyon sayo, GRAN NÒ a  pa deside rete ak bra kwaze.

Nou lanse yon apèl bay tout pitit GRAN NÒ a, ki toupatou nan mond lan, pou pote patisipasyon pa yo, pou wè kòman depatman nò a ka rejwenn chapo fyète li te pote lontan an. Pou sa rive fèt, pèsonn pa dwe mete nan tèt yo, se zam lagè ki pral itilize. Se mwayen teknik, pasifik, teknolojik, pou n enjèkte nan venn tout pitit GRAN NÒ a, dènye gout san zansèt yo, nou ranmase, k ap drive nan ma labou.

MODÒD:

1- Laprès pran rèsponsablite w.

2- Nou reklame otonomi  GRAN NÒ  a, pou l jere resous li kòmsadwa, pou l devlope tèt li.

3- Twòp sèvo, twòp kad ap kouri kite peyi a, èspesyalman depatman nò a, pou al echwe lòt kote.

4- Yon chenn solidarite ant tout komin ki fòme GRAN NÒ a.

5- N ap siyen yon angajman patriyotik, pou bay nou limyè, pou n klere, je wouj politik patripòch.

6- Okenn sektè politik pa otorize vin pran woulib sou desizyon sa. Men, nou envite tout sitwayen ki gen volonte pou wè nò a otonòm.

7- Mouvman sa a rele : TALAPTA!. Se mwen menm, wou menm ak li menm, ki wè : en-en !! se pa konsa rara danse, ki deside kole zepòl, pou n pouse gwo nyaj ki bare solèy nò a.

8- Mete nan tèt nou chak, anblèm yon revèy : li fè minui mwen senk. Si pita bare nou, nou p ap gen okenn chans ankò, pou n sove ti moun nou yo demen.

9- Mare pakèt, pifò pase leve pati. Chak katye, chak bitasyon, chak seksyon kominal, chak bouk, chak vil, chak fanmiy, yonn pale lòt…. Nou jwenn yon ze dènye ras manman poul wa Anri Kristòf la ponn. Denpi jodia, nou deside mete l kouve……. pou l kale bay nou, yon depatman nò otonòm.

10- Mwayen TALAPTA! itilize pou l mete èstrikti l kanpe, se:

Telefòn, adrès elèktwonik, lèt korespondans, dyalòg nan mache, nan machin, nan kamyonèt, nan avyon, nan batiman, ak tout kote moun ka rasanble. Ann rasanble, ann simen nouvèl la. Sa ki kwè, ki konnen ak rezistans, li posib, nou menm ak jenerasyon k ap vin ranplase nou an, va delivre. Sak pa kwè, ya kondane pou viv nan manti, nan blòf, nan mizè, nan lawont  ak imilyasyon….

N ap siyale, TALAPTA! p ap rele ni VIV  ni ABA. Èslogan sayo bani nan konsyans nou tout. Nou kwè nan konstitisyon peyi nou. Yo twò souvan itilize l pou sèvi kòz yo. Fòk konstitisyon sa, sèvi depatman nò a  tout bon vre, pou l devlope nan benefis tout peyi a.

SE GOUNOUCH KI ANDANJE, LÈ MA DLO AP SECHE……

Pou bay opinyon´w enpi pote siyati´w anba petisyon sa, Klike la!


 
Lis non moun ki siyen petisyon an
 
 
TALAPTA! Tèks