Eta sante sitwayen lavil tankou andeyò, rich tankou pòv, depann de eta ak kantite dlo sitwayen yo resevwa nan peyi a. Pou anpeche maladi ki transmèt nan dlo fè ravaj nan popilasyon an, tout moun ta dwe jwenn valè dlo gratis, anpil dlo, jis nou ta gen dwa gaspiye l.
Dlo ka transmèt maladi akòz salte tankou: poupou, pipi moun ak zannimo, krache, fatra ki soti nan izin, mikwòb ki sòti nan kò moun, nan kò zannimo ak nan tè a. Fatra ak mikwòb sa yo ki sal dlo pi, dlo larivyè, dlo lanmè, dlo sous, dlo tiyo, dlo chita (ou byen ma dlo), yo ka pèmèt plizyè maladi transmèt tankou: malarya, tifoyid, kolera ki bay gwo dyare, vè nan vant, gratèl, anpwazònman, ak yon bann lòt ankò…
Malerèzman, lè nou jwenn dlo, pi souvan se ti gout, enpi li sal ak mikwòb. Ti gout dlo sal .
Konsèy m ap bay moun ki jwenn anpil dlo pwòp ak moun ki jwenn ti gout dlo sal, se bouyi dlo a, anvan nou bwè l, anvan nou bay moun bwè l. Se ak dlo bouyi frèt nou dwe fè twalèt ti bebe.
Tout fanm, sitou fanm ki fenk sòt akouche, ou byen fanm nouris, se ak dlo bouyi frèt pou fanm yo fè twalèt vajen yo.
Lè w bouyi dlo a pandan 20 minit konsa, prèske tout mikwòb ki ka transmèt maladi yo mouri. Pami tout metòd fasil pou tiye mikwòb nan dlo n ap sèvi pou bwè, se metòd dlo bouyi ki pi efikas. Men lè dlo a fin bouyi, li fin frèt, nou dwe konsève l nan veso ki pwòp, tankou galon kristal, enpi chak fwa nou pral pran veso dlo bouyi a pou nou sèvi, nou dwe lave men nou.
Menm si se ti gout dlo sal ou jwenn, bouyi l, paske DLO BOUYI PI BON….. |