SEFOM MIZIK PLIS
Kanaval 2007: Fòk sa chanje
KÈ
SEFÒM debake
Kè yo sote
Tout sa k pa byen
Ranje kò w
Ke se anwo
Ke se anba
Se yo k fè peyi n
Tou de nwa (2 fwa)
I
La sante pa bò lakay
Se yon komès pou sa ki rich
Men sa ki malere
Pa ka jwenn chans
pou yo swanye
Nou mande yon chanjman
Pou la sante ka pou tout moun
Nou menm sefòmis
se pou tèt sa n ape lite
KÈ (Refren)
SE PA KONSA PEYI N TE YE
AN NOU LITE POU SA CHANJE (3 fwa)
II
Peyi n nan fin kraze
Se blan franse yo ki lakòz
Nan goumen pou pouvwa
Kilti lakay la fin detrui
Lari a plen fatra
Nou tande nou gen majistra
An nou met tèt ansanm
Pou nou chanje figi
peyi n
KÈ (Refren) 3 fwa
KÈ (IMN SEFÒM)
Pou tout kretyen vivan gen konesans
Fòk yon revolisyon ta pran nesans
Pou nou konnen enpòtans lasante
Paske maladi se yon gwo danje
SEFÒM, se yon veritab chanjman
Yon bòn nouvèl
Pou tout kretyen vivan
Bese pri la sante
Fè sèvis louvri je
SEFÒM, ou se yon refòm (2 fwa)
Nou renmen w (3 fwa)
KÈ (Refren) 3 fwa
III
Si gen yon vrè chanjman
L ap bon pou mwen,
L ap bon pou wou
Se pou nou tout batay
Pou yo pa trennen n nan labou
Militan M.R.A., n ap di ayibobo pou nou
Nou reve yon chanjman
Pou Ayiti, yon jou fò l jou
KÈ (Refren) 3 fwa
IV
Vil okap fin kraze
Se pa konsa vil la te ye
Kote w pase nan vil la
W kwaze ak yon pil fatra
Nou gen kòb labadi,
Pòtoprens yo voye l ale
Pou ki lajan nan nò pa rete pou pwòpte nan nò (2 fwa)
KÈ
SE PA KONSA VIL LA TE YE
AN NOU LITE POU LI CHANJE (3 fwa)
V
Nou mande gouvènman
Pou zòn franch fini Ayiti
Peyi nou se pou nou
Se nou menm ki dwe dirije l
Nou gen san Desalin
Depi l pa bon n ap revòlte
Nou di an verite
Nou p ap tounen esklav ankò (2 fwa)
KÈ
NOU MANDE MINISTA ALE
An verite y tete y .a .a
(3 fwa)
KÈ
Gade peyi m chaje fatra
Nou mande minista ale
Gade peyi m gen kidnapè
Nou mande minista ale
Gade peyi m pa gen kouran
Nou mande minista ale
Yo vin fè eleksyon twò ta
Nou mande minista ale
Yo vin bay rezilta twò ta
Nou mande minista ale
Sa s on veritab koudeta
Nou mande minista ale
Pou mete peyi m an reta
Nou mande minista ale
(2 fwa)
LEKOMÈK SEFÒM-DDWP 2006-2007
|