Sosyete
 
Privilèj klas anfas maladi

Pratik medikal nan peyi dayiti abitye nou konstate, plis ou gen lajan ou byen si w soti nan fanmiy ki gen anpil favè, pi vit ou jwenn swen sante nan lopital ak dispansè prive ou byen leta.

Men, sitou nan lopital leta yo, kote travayè sante yo pa parèt nan travay yo nan lè, ou byen yo pa prezante nan travay yo menm, kote responsab estrikti swen yo fè medikaman ak materyèl lopital yo fè chimen kwochi, malere ap monte kalvè pa do, ak move akèy, ak swayaj nan neglijans. Lè sa a, sosyete a vin pi malad.

Travayè sante yo  (kivledi: doktè, oksilyè, enfimyè, tout moun k ap patisipe nan swayaj moun malad), dwe konnen, ou byen yo dwe sonje, jodya, se ti fanmiy lòt la ki malad, demen petèt, se ti fanmiy pa yo ki pral malad. Kit ou gen lajan, kit ou malere, nenpòt moun ka malad nenpòt lè, nenpòt kote….

Si se konsa, LA SANTE NAN DIYITE…. TOUT MOUN GEN DWA.

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Moso listwa Dayiti