Sosyete
 
Piki Kont Pwazon

Lakòz mank dispansè ak lopital k ap bay bon swen ak sèvis sante nan peyi dayiti, nou jwenn chalatan nan chak bout kwen. Pou chalatan, tout doulè se batri, tout lafyèv ak tout maladi gratèl, se batri. Lè sa a, chalatan an prezante renmèd mirak li rele : PIKI KONT PWAZON.

Tout malad inosan chalatan sa yo resevwa, pran menm piki a, ak menm sereng lan. Pi souvan, piki sa, se lèt moun konn bwè, ou byen farin delye, ou byen nenpòt vye flakon piki dat pase chalatan an ranmase nan bwat fatra lopital. Chalatan yo konn itilize menm sereng la pandan plis pase 6 mwa, jis egiy sereng lan kwochi. Lè sa, tout maladi nan san ap transmèt.

Se konsa tou, kò gaya chèche maladi, kò malad chèche plis maladi ou byen lanmò.

Moun malad ak paran malad, atansyon pa kapon. Kouri dèyè chalatan…..

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Moso listwa Dayiti