Sosyete
 
Lannwit nan katye pòv

Se zafè madan Sonson ki pase lòtrejou .

-Ki zafè madan Sonson sa?

-Ou pa sonje, nan premye lendi mwa novanm lan, man Sonson, yon fanm ki gen 7 mwa ansent, parèt lopital ak gwo doulè, l ap bay san nan kò fanm li. Lè sa li te 7 tè edmi nan maten. Lè l rive lopital la, yo mande pou l tann moun ki pou fè kat la rive, paske li twò bonè. Man Sonson fè kat l ap tann. Enpi, yon mis parèt li di:

-Kote madan Sonson?

-Me mwen wi mis, madan Sonson reponn..

- Kisa w vin chèche nan lopital la jodi a madanm? Ou pa konnen jodi a se pa jou konsiltasyon pou fanm ansent? Ale lakay ou, wa tounen demen.

Demen maten byen bonè, madan Sonson parèt li pran kat ankò, li fè dosye. 8 tè, 9 vè, 10 zè, 11 zè, midi, madan Sonson ponkò konsilte. Bò inè nan apre midi, travayè sante ki ta dwe konsilte man Sonson an, resi rive. Gen lespwa. Man Sonson pran pasyans.

Lè yo fin rele 25 moun pami sila yo non yo te retni  pou konsilte, yo pa rele man Sonson.

Man Sonson al fè reklamasyon bò kote travayè sante a, ki reponn:

-Madanm, yo pa te voye dosye w banm enpi, konsiltasyon fini.

Man Sonson retounen kote moun ki te pran kòb nan men l, pou fè dosye a pou li kontinye fè demach, pou li gen chans konsilte. Yo reponn li:

-Madanm, konsiltasyon fini, wa tounen yon lòt jou; men, pa retounen jou fèt ni jou dimanch.

Madan Sonson retounen lakay li ak gwo vant fè mal, ak emoraji. Lè l rive, tout moun lakay li, tout fanmiy li santi doulè a. Bò 2 zè nan maten, lannuit lan, man Sonson fè move afè, fetis (ti bebe andedan vant) la soti tou mouri.

Rèl nan vwazinay, paske se premye pitit man Sonson ki gen laj 39 lane. Chèche fanm say, pou fè delivrans, kivledi fè plasennta (ki vle di, manman vant la) soti, nou pa jwenn. Ou pa menm bezwen chèche travayè sante nan lè sa, nan katye sa a, paske nan peyi dayiti, lannuit nan katye pòv, sanble malad malere …….se pa moun!

 

 

 

Moso listwa Dayiti