Wou menm ki renmen fè lanmou nan nenpòt ki kondisyon, pa bliye lanmou konn gen danje ladan l.
Ou pa konnn tande pale de maladi ekoulman ou byen gonore ou byen blenoraji? Enben, se yon maladi w ka pran nan sèks (ki vle di nan kò gason ou byen nan kò fanm ou ). Ou pa konn tande pale de maladi sifilis? Enben, se yon maladi w ka pran nan sèks .
Ou pa konn tande pale de maladi sida? Enben, se yon maladi w ka pran nan sèks!
Si w te pase nan SEFÒM ou t ap konnen tout maladi sa yo ak lòt ankò. Alò w wè :lanmou dous maladi anmè ……. |