Tout malad se malad, men tout maladi pa menm. Gen maladi ki touye moun pi vit pase lòt. Enpi malad nan peyi dayiti, pi souvan, se jis lè yo pa ka kenbe ankò, yo chèche chimen dispansè ak lopital.
Se pou sa nou menm travayè sante nan enstitisyon kote n ap travay, nou dwe toujou mete nan tèt nou pami tout malad yo k ap tann swen, gen nan yo ki pi grav; nou rele ka grav yo, ka ijan.
Ki sa ka ijan vle di?
Ka ijan, se moun k ap pèdi konesans, endispoze, moun k ap fè emoraji (ki vle di pèdi san andedan ou byen deyò kò a), fanm ansent ki prèt pou akouche, ti moun piti, paske yo gen mwens rezistans pase gran moun, moun ki fè kriz tansyon, kriz opwesyon, kriz epilepsi (ki vle di malkadi), kriz eklanpsi ki touche fanm ansent, kriz dyabèt, moun ki pa ka pipi, moun ki fè gwo aksidan, gwo blese ak zo kase, moun ki gen gwo brile, moun ki gen gwo pwoblèm nan tèt, ki ajite, fanm ansent k ap fè fòskouch (ki vle di move afè ), ti moun ou byen granmoun ki gen dyare ak vomisman ki pa ka kenbe kò yo, yon gwo alèji ki parèt britsoukou, moun ki gen gwo lafyèv, ak nenpòt lòt ka travayè sante deside se ka ijan yo ye, selon kontwòl yo fè pou malad la.
Nan tout enstitisyon sante k ap resevwa plizyè malad, toujou gen disiplin, se malad ki rive anvan pou reklame swen, se li ki dwe konsilte anvan. Pa dwe gen demach , ni ti kòb anba, ni zanmitay, ni fanmitay, pou fè malad ki vini apre. konsilte anvan sila yo ki te la. Men, lè se ka ijan, travayè sante a, ak konsyans pwofesyonèl li, san magouy ni paspouki, fè sa li kapab pou li pèmèt moun ka ijan an jwenn swen anvan lòt yo.
Poukisa se moun ka ijan, ki dwe resevwa swen anvan?
- Se paske yon ka ijan vledi se yon moun ki merite swen prese prese san pèdi tan pou li pa pèdi lavi li.
- Se paske, si ka ijan ponkò resevwa swen, enpi li gentan mouri, lè sa a, fanmiy malad la ka gen tantasyon akize travayè sante a, kòmkwa li fè neglijans.
-Se paske jodi a, se lòt la ki ka ijan, demen petèt, se ou menm ou byen yon fanmiy ou ki pral yon ka ijan. Lè sa a, wa konprann plis ankò pou kisa …
Enpi, nenpòt moun kapab ka ijan, se selon maladi moun lan soufwi, men se pa selon relasyon l, ni se pa selon kantite lajan l genyen….. |