Selebrasyon Jounen entènasyonal lang kreyòl nan Fakilte Lengwistik Aplike Inivèsite Leta a
Ane sa a ankò, solèy jounen entènasyonal lang kreyòl la te briye an penpan anndan Fakilte Lengwistik Aplike Inivèsite Leta a.
Soti 15 pou rive 27 oktòb 2007, lokal Fakilte a te pran tout koulè avèk ekspozisyon bèl tablo penti ak kolaj, zèv atizanal, liv kreyòl ki trete divès kalite sijè, manje kreyòl epi bèl moun kreyòl ki t’ap fè ale-vini.
Etidyan, pwofesè ak pèsonèl enstitisyon an te mete ansanm pou pèmèt kenzèn kreyòl la reyisi, pandan yon ekip kòdinasyon solid ki te gen nan tèt li vis-dwayen zafè rechèch Fakilte a, M. Louinès Volny, t’ap asire dewoulman yon seri konferans ki te gen pou misyon, devlope tèm kenzèn nan ki se te: “Lang nou, kilti nou: baz devlòpman peyi nou”.
Anba kout kamera laprès avèk kiryozite yon piblik ki te toujou montre l’ enterese, espesyalis nan plizyè domèn te pran tan yo pou vin devlope rapò ant lang (kreyòl) avèk branch pa yo:
Mizik (Thurgot Théodat, Théodore Beaubrun Jr-Lòlò); Sikanaliz (Doktè Serge Yacinthe); Istwa (Michel Soukar); Dwa Fanm (Colette Lespinasse, Guerty Aimé, Magalie Marcelin); Literati (Claude C. Pierre, Frankétienne); Lajistis (Mèt Barnave Chéron, Mèt Norah Jn François, Mèt Claudy Gassant); Relijyon (Pastè Edner Jeanty, Pè Jean Hoët, Pastè Lemète Zéphyr); Sinema (Arnold Antonin, Rassoul Labuchin); Lasante (Doktè Georges Michel) epi Edikasyon (Nirvah Jean-Jacques, Pierre Vernet).
Lide konferans yo, se te esplike kijan yon pi bon itilizasyon lang tout moun an Ayiti konprann nan, anndan reyalite sosyal, atistik ak syantifik peyi a, va yon siy devlòpman reyèl.
Nan domèn lajistis paregzanp, panelis yo te esplike jan pwoblèm nan bòdelaye: kijan kòz yon moun fè ap diskite nan tribinal nan yon lang li pa konprann? Epoutan, sitiyasyon diskriminasyon franse/kreyòl la lakoz, menm moun sa a prefere avoka l’ pale franse, pou l’ sèten li gen yon bon avoka nan men l’. Sa montre nou, se pa sèlman moun ki bileng yo ki ap repouse kreyòl; se yon oto-mepriz, yon sitiyasyon kote ayisyen an ap aprann jete pwòp tèt pa li. Men, èske l’ posib pou nou devlope tèt nou, si nou pa devlope ak sa nou genyen?
Yon lang, se tankou yon likid; li pran fòm veso yo mete l’ landan l’ la. Dapre jan tout panelis yo abòde kesyon an, kreyòl la prèt pou l’ pran fòm kò l’ nan nenpòt domèn, men pou sa, genyen de (2) travay ki pou fèt ak plis detèminasyon:
1) Fòk moun k’ap travay nan tout sektè rekonèt reyalite lengwistik peyi a: peyi a genyen de lang ofisyèl (kreyòl, franse), men, tout moun konprann tout moun toupatou, lè se kreyòl ki pale.
2) Espesyalis nan etid lang (lengwis) dwe non sèlman fè plis travay alabaz nan lang la, men aplike l’ nan tout domèn (nan pwodui zouti travay tankou diksyonè espesyal, tradui liv teknik ki deja ekri nan lòt lang, ...), yon mannyè pou lang la jwenn plis espas pou ouvè kò l’.
Se tout pawòl sa yo ki t’ap pale pandan kòlòk kreyolofoni 2007 la ki te dire de semèn nan FLA a ki se yonn nan prensipal enstitisyon nan peyi a k’ap fè pwomosyon pou lang kreyòl la.
Samdi 27 oktòb, se te jou pou enstitisyon an bay dènye son klòch la pou kouwonnen bèl aktivite sa a. Pou sa, banda a te chanje: FLA a te prezante yon kokennchenn espektak kiltirèl nan Rèks Teyat a pati 4è pm.
Tout jèn atis Fakilte a te fè yon sèl pou raple piblik la, bèl mèvèy nou kapab fè avèk lang nou an sou plan atistik. Kèk gwo atis tankou BIC, Bélo, te reponn prezan swa pou chante osnon pou asiste, men nan yon sèl lide: montre volonte yo pou bay kilti kreyòl ak lang kreyòl jarèt.
Tout bèl melodi, tout bèl pwezi ki t’ap klèwonnen pandan espektak sa a, eko yo te rete non sèlman pou jounen 28 oktòb la, men pou rete tann lòt bèl melodi ak lòt bèl pwezi k’ap vini 28 oktòb 2008, yon fason pou yo mete ansanm, pou raple tout ayisyen, “Lang yo, kilti yo, se baz devlòpman peyi yo”!
Webbs Gaddy Damas,
Etidyan Nivo II Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta
gadi@atlantikhaiti.com
|