Èsterilite lakay moun vle di: moun ki pa ka fè pitit. Moun te resevwa misyon pou peple enpi gouvènen la tè.
Malgre tout katastwòf natirèl tankou: lagè, epidemi, moun reyisi misyon an kan menm. Paske, jodi a tout popilasyon nan lemond antye rive apeprè 6 milya moun.
Enpi chak segond gen 3 ti bebe ki fèt anplis…Malgre tout konsèy pou pa gen anpil pitit ki fèt nan kèk peyi, chak jèn fanm viv pwoblèm èsterilite a tankou yon mank, yon defo. Chak fanm toujou santi anvi pou li anfante.
Èske èsterilite se yon malediksyon?
Denpi lontan, èsterilite te konsidere tankou yon chatiman, tankou yon gwo dèvenn pou yon fanm. Yo te menm konsidere anpil pitit tankou yon benediksyon.
Men nan kèk peryòd, listwa rapòte zak sazinay ti bebe ki fenk fèt nan lide pou fanmiy lan pa gen twòp moun, sitou nan tan lagè ak grangou. Lè sa yo, tifi yo te konn plis viktim pase ti gason yo.Yon jounalis angle: Johanes Trokebwe, nan lane 1300 yo, te menm rakonte, nan epòk ki te gen gwo grangou, nan peyi blan langletè, ant lane 1315 ak 1317, gen plizyè manman ak papa ki konn touye pitit yo, pou yo manje vyann lan… Yon moun ki manje vyann moun, yo rele l kanibal ou byen antwopofaj.
Èske èsterilite a, se pou fanm sèlman?
Nan tan lontan, yo te panse si se pa demon, se pwoblèm fanm lan gen nan kò l, ki lakòz li pa ka fè pitit. Ipokrat, yon gwo save nan zafè la medsin, te kwè fanm lan èsteril, paske matris li mal plase. Se konsa yo te panse nan èsterilite a, se sèl fanm lan ki lakòz, paske denpi gason an ka ejakile sa vledi pou yo, li ka fè pitit.
Nan epòk sa, yo te panse se yon melanj ant 2 likid anndan matris la ki pèmèt yon fanm fè pitit: Yonn nan likid yo ta sòti kote fanm lan, lòt la ta soti kote gason an. Likid la ki pi fò a, se li ki ta va detèminen sèks bebe a.Tout sa yo se te erè, se pa te verite.
Yon lòt save: Aristotelès Estagira, listwa la medsin konsidere tankou moun ki kreye yon syans ki rele Biyoloji (syans lavi), save sa te panse fanm lan pa te gen jèm, se sèl gason ki pote lavi andedan fanm lan. Dapre li, sèl kontribisyon fanm lan pote, se san règ li. Li te panse san règ fanm lan te sèvi pou nouri fetis (ti bebe andedan vant) la.
Pou save a, prèv la se disparisyon règ lè fanm lan lè l gwòs. Se sou baz sa, Aristotelès mete èsterilite a sou kont fanm lan sèlman, paske darpe li menm, jèm lavi a sòti nan gason, se lè li rive andedan fanm lan, li fòme yon ze ak mwayen san règ fanm lan. Tout sa yo se te erè, enpi erè sa a te dire jis nan finisman lane 1600 yo.
Èske jèm lan, se yon ze, ou byen yon ti bèt?
Nan lane 1677, yon lòt save: Antoni Leeuwenhoek te premye fwa gade èspèm (jèm) gason an nan yon aparèy mikwoskòp. Li te sezi wè yon bann ti bèt tankou gounouch k ap fè anpil mouvman nan èspèm gason an. Pou save sa li pote pwèv se gason sèl ki pote lavi, paske lè ti bèt sa yo rive anndan
matris fanm lan, yo pral devlope pou tounen timoun.
Yon lòt bò, nan lane 1670, yon lòt save: Reinier de Graaf, al gade andedan vant fanm ki gen laj pou fè pitit, li remake anba ti vant la, yon ti boul adwat ak agòch. Andedan ti boul yo genyen plizyè ti blad plen dlo ak yon ti jèm. Li rele ti blad yo, ze fanm lan; ti boul yo se rezèvwa ze yo. Apati moman sa, vin gen 2 fason panse. Yon bò, yo kwè se gason ki rèsponsab lavi gras ti bèt yo ki nan èspèm lan, yon lòt bò, yo kwè se sèl fanm lan kounyè a, ki fabrike fetis la, gras ze yo ki kouve, kale enpi ki devlope andedan matris fanm lan. Dapre DeGraaf, fetis la te deja byen fòme nan ze a, wòl èspèm gason an se pèmèt ze a kale.
Ni yonn, ni lòt fason panse sa yo, pat kòrèk…
Ki sa Èspèmatozoyid la ye, enpi ki wòl li nan èsterilite?
Se jis nan lane 1841, yo te dekouvri wòl tèstikil (ti grenn gason) yo nan fabrike èspèmatozoyid ki se jèm gason an, Van Leeuwenhoek te rele ti bèt. Nan lane 1871, yon save: Hertwig montre ki jan èspèmatozoyid la rantre nan ze a, sa ki pral pèmèt kreyasyon lavi, fòmasyon yon fetis. Denpi lè sa a, chirepit ant patizan ti bèt ak patizan ze te sispann, enpi plis limyè pral fèt sou zafè èsterilite a.
Nan lane 1951, yon save: Maclead etidye èspèm gason. Etid sa pèmèt la syans dekouvri ki lè jèm gason an nòmal, ki lè li pa nòmal. Pa egzanp, gen gason ki ejakile, men èspèm ou byen likid la pa gen jèm èspèmatozoyid ladan l. Èspèm, se dechay la, kivledi likid gason an voye lè l nan relasyon seksyèl la. Si dechay la pa gen èspèmatozoyid ladan l, gason sa pa ka bay fanm gwòs, li pa ka fè pitit.
Denpi lè sa a, nou konnen pwoblèm èsterilite a, se pa pou fanm sèlman. Sa vle di, denpi yon fanm pa ka ansent, nou dwe chèche kòz la lakay fanm lan tankou lakay mari l… |