Nan okazyon anivèsè konstitisyon peyi dayiti, yon gran atis ayisyen, Bob Bovano, soumèt yon refleksyon nan konsyans tout ayisyen konsekan
29 mas, jou malè, jounen tout medyòk:
Demen, se jou konstitisyon malfektè yo
Se yon jou kote tout inosan
Ki t ap benyen nan san
Te leve byen bonè
E yo p at pè malè
Pou yo te di zafè
Sa k fè nou nan malè.
Se pa kwè
Yo te kwè.
Kabrit di
Sa ki nan bouch li
Se li ki pa li.
Alò inosan yo
P at pè peye pou koupab.
Jou ale, jou vini
Yo rasanble la fanmi
Nan lespwa pou ini
Yon jou sa va fini.
Nou fèk kòmanse.
Bon, se pa anyen
Jodi a, ann ale lwen,
Se kòmsi nou t ap lage cha
Nou pran boulva
Dappiyanp, koudeta
Mikwo anba bòt
Jounalis pran kalòt
Militan anba menòt
Fèmen nan yon chanm san pòt
Ils n’entendent que des bruits de bottes
Nèg lèspri kou nèg sòt
Tout moun ta gen dwad vòt
O non de la konstitisyon.
Opòtinis ou patriyòt
An nou sispann fè tripòt
Al nan peyi kay zòt
Avèk 2 bra pandye,
Tankou w bòbòt
San kilòt.
Ayiti bezwen wout
Pou l monte nan chanmòt.
Vent nèf (29) mas
Jou malè, le jour des médiocres.
Bob Bovano, ki twouve l nan peyi Lafrans jou 29 mas 2007 la. |