Tout pati nan plant la bay yon sik ki gen odè fò, yon ti jan santi bon, odè sik sa ki soti nan plant la lè w kase l, li gen pwopriyete chase ensèkt.
Enfizyon zèb a vè a sidorifik. Savledi li fè w pwodi lasyè lè w pwan l. Li aji sou iteris la, li bay plis fòs. Li pèmèt règ la vini, si te gen amenore.
Enfizyon zèb a vè a anti rimatismal. Kivledi, lè w santi doulè rimatis ou ka bwè yon enfizyon plant lan pou w jwenn soulajman.
Si w soufwi maladi lagal, yon maladi gratèl nan po kò a, ou ka fè yon enfizyon ak fèy zèb a vè a pou w benyen, l ap ba w bonjan rezilta.
Si w gen epistaksis, kivledi : nen senyen, pile yon ponyen zèb avè ak disèl, pou w mete kòm konprès. San an ap sispann koule.
Si w gen plè ki louvri, pile zèb a vè pou w mete sou li, l ap fèmen rapid. Plant zèb a vè a gen gwo aksyon vèmifij. Gen renmèd nan famasi yo fè ak esans zèb a vè a kont maladi vè askaris ak vè ankilostòm. Zèb a vè a gen yon prensip aktiv, ki rele askaridòl, ki gen posibilite detri maladi nan po kò a.
Kont maladi vè nan vant ti moun tankou granmoun, bouyi 10 gram fèy vèt zèb a vè nan yon vè dlo. Kite l bouyi pandan 10 minit nan ti dife Lè l fret, sikre l ak siwo myèl pou w bwè maten anvan w manje, ou byen aswè lè w pral kouche.
Enfizyon zèb a vè a gen yon aksyon tosik sou kè a, sou zòrèy ak sou vwa respiratwa yo. Se pousa, nou dwe pran anpil prekosyon lè n ap itilize l pou pa gen èrè. Lè nou itilize zèb a vè kòm vèmifij, pa pran pigatif ak luil maskriti. Lè w pran enfizyon zèb a vè pou maladi vè nan vant, ou dwe pran yon pigatif ak silfat manyezyòm pito, nan plas luil maskriti a. Ou ka pran tou, yon pigatif ak sèl ki koresponn ak lay patyan an, selon konsèy travayè sante.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|