Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd fèy: Zannanna

Zannanna, se yonn pami plant èbase ki premye pouse nan amerik Ekwatoryal la, èbase vle di, plant ki gen fèy an fòm zèb. Se amerendyen yo ki vini ak zannanna nan zantiy yo. Amerendyen  Jodi a vle di endyen amerik. N ap jwenn zannanna nan tout zòn entètwopikal tout peyi sou latè. Zannanna kapab rantre nan pwodiksyon endistriyèl, sa vle di, yo itilize zannanna pou fè preparasyon konsèv nan endistri tankou, ji, konfiti, frui konsèv ak sirèt.

Zannanna a, se yon frui ki fòme lakòz devlòpman patenokapik ovè a.

Se konkresyon tout pyès floral yo ki bay zannanna a.

Patenokapik vle di frui zannanna fòme san pa gen fegondasyon ki vle di, flè mal pa rankontre ak flè femèl. Apati yon pakèt ti fèy ki konn leve sou kèk flè anvan, yo develope yonn sou lòt. Konkresyon vle di plizyè òga n k ap grandi ansanm.

Donn zannanna gen bon lodè, li gen bon gou. Selon fason w itilize frui a, li gen kèk pwopriyete dijèstiv, diyiretik, fòtifyan, vèmifij,, laksativ, abòtiv, ou byen emenagòg.

Diyiretik vle di sibstans ki pèmèt eliminasyon irin, ki fè moun pipi.

Abòtiv vle di entèwonp yon gwosès, ki vle di zannanna a ka pwovoke avòtman.

Emenagòg vle di sibstans ki pwovoke aparisyon règ fanm, ou byen ki fè règ la vin.

- Zannanna rich ak dlo. Zannanna pa pote anpil kalori ak sèl mineral nan kò-a. Kalori vle di chalè, enèji.

- Zannanna-a rich ak vitamin C. Se sèl zannanna kòm frui ki genyen yon anzim pwoteyolitik yo rele bwomelin ki gen possibilite ede lestomak la dijere pwoteyin ki nan manje yo. Chalè detri Bwomelin lan ki nan zannanna a. Ji konsèv yo, pa gen pwopriyete ji zannanna fre a genyen. Se pou sa, nou pa dwe bay moun bwè ji zannanna an konsèv. Ji zannanna fre a, se yon antidòt, ki vle di pwazon. Lè moun vale pwazon ki sòti nan vyann ak tout frui lanmè yo tankou: pwason, kribich, krab, ousen, zuit, nou dwe bay bwè ji zannanna.

- Ji zannanna vèt la diyirek, ki vle di li pèmèt ou pipi anpil. Lè w bwè ji zannanna vèt anpil, li laksatif. Laksatif vle di bagay ki ka fè w gen dyare.

- Ji fwi zannanna vèt la, se yon bon detèzif kont gòj fèmal lè w gagarize l. Detèzif vle di, renmèd pou netwaye gòj la.

Lè w bwè ji zannanna vèt anvan w manje, li gen yon aksyon vèmifij sa vle di se yon renmèd kont vè nan trip.

Zannanna vèt la lè w retire  epidèm li, ki vle di po zannanna-a. Graje nannan an pou w fè enfizyon, ou byen maserasyon. Se yon bon renmèd kont kolik epatik kivledi maladi ak gwo doulè nan fwa. Li bon tou kont kolik nefretik. Kolik nefretik vledi, maladi nan ren ak gwo doulè nan ren.

- Zannanna kapab itilize kont amenore. Pran jenn ti zannanna vèt k ap fleri, graje yo pou w fè swa enfizyon, swa maserasyon; l ap fè règ la vini.

- Ji zannanna a gen yon aksyon abòtiv. Abòtiv vle di, bagay ki pwovoke avòtman.

- Nan peyi lafrik, yo prepare ji fèy zannanna melanje ak poud piman pou konbat maladi  gonore, yo rele tou blenoraji ou byen ekoulman.

- Ji zannanna fre bon pou moun ki soufri dispèpsi. Dispèpsi vledi, dijesyon moun nan mal pou fèt, enpi li gen doulè lèstomak tou.

- Ji zannanna fre bon pou konbat atoni gastrik.Atoni gastrik vledi, lèstomak la pa gen ase mwayen pou l dijere manje ak lòt bagay ou vale; li kapab konbat anorèksi, kivledi mank lapeti.

- Ji zannanna fre kapab itilize pou ede òganis la nan ka ensifizans pwodiksyon sik gastrik  ki nesesè pou dijere manje yo.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.



 
Moso listwa Dayiti