Mete 7 fèy zanmann mi ki tonbe, tranpe nan yon tas dlo bouyi. Se yon bon somnifè lè w bwè enfizyon sa sikre. Somnifè vledi bagay moun pran ki fè w gen dòmi lè w soufri mank somèy, ou byen lè w pa gen somèy.
- Yo prepare ben y awomatik fòtifyan ak fèy zanmann. Yon konprès fèy zanmann ki gen luil makristi pase sou li, bon kont maladi rimatis. Rimatis vledi doulè atikilasyon yo, enpi li soulaje lonmbago. Lonmbago vledi: doulè senti.
- Lè w fè yon dekòksyon ak 15 ou byen 20 gram ekòs rasin zanmann ,se yon renmèd kont dyare. Bwè dekòksyon sa nan jounen an.
- Kont maladi nan fwa: kraze 3 fèy zanmann vèt, lè w te fin lave yo pwòp. Mete yo tranpe nan 2 lit dlo bouyi frèt. Bwè maserasyon sa tout jounen.
- Yo fè manje ak luil ki sòti nan zanmann lan. Lwil sa p ap rans.
- Lè w mele luil zanmann ak siwo zèb a chapantye, li bon pou tous.
- Kont ipètansyon , bwè yon enfizyon zanmann chak maten . Vide yon tas dlo bouyi cho sou yon fèy byen lave, mete ti sik pou l somay pou malad la bwè pandan plizyè jou suivi.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|