Moun souvan itilize zaboka tankou legim. Zaboka kòm manje, gen menm fòs ak bannann, li fasil pou dijere. Pou yon menm kantite zaboka ak vyann, zaboka ka gen plis enèji, plis fòs, plis valè enèjetik, ki vle di nan zafè bay enèji, li siperyè pase vyan-n. Zaboka rich ak vitamin : A, B, C ,D, E, K. Li gen anpil fè ladan l. Zaboka, se yon manje konplè.
- Lwil zaboka: se toujou nan zaboka byen mi yo retire lwil la pou fabrike pwodi pou fè moun bèl. Yo itilize lwil la tou pou fè cheve moun vin bèl sa k ap anpeche cheve yo kase enpi elimine kap nan po tèt la.
- Gren-n zaboka antidyareyik : sa vle di kont dyare, yo itilize l konsa :Pran yon gren-n zaboka, retire ti po fen an, graje l, melanje ak kèk gren-n mayi griye, mete l nan yon lit dlo k ap bouyi, kite l enfize pandan 30 minit. Koule l nan twal pwòp. Sikre l somay. Bwè 4 gran vè nan jounen- an kont dyare a.
- Fèy zaboka antidyareyik tou. Mete 5 oubyen 6 fèy zaboka fwote ak yon moso gren n nan demi lit dlo ki fenk fin bouyi, kite l tranpe 15 minit, adousi l somay, koule l. Pran 2 gwo kiyè chak 2 zèdtan.
- Fèy zaboka, flè yo ak boujon flè yo : ka itilize pou fè ben-y awomatik.
- Enfizyon yon boujon fèy zaboka, se yon bon renmèd kont endijesyon.
- Enfizyon fèy zaboka fè règ la vin byen tou.
- Kont vè askaris : pran yon maserasyon 8 a 10 gram po zaboka vèt oubyen 4 a 6 gram po zaboka sèch nan yon gran vè dlo sikre pou bwè maten avan-w manje.
- Ji grenn zaboka bon tou kont vè solitè. Ou ka itilize gren n zaboka a tou kont rimatis atikilè kivle di doulè ak enflamasyon atikilasyon yo.
- Poud grenn zaboka bon anpil kont idwosèl lè-w mete-l tankou kataplasm, ki vle di konprès sou idwosèl la. Fason popilè moun yo rele idwosèl la, se madoungou.
- Melanj grenn zaboka kraze ak mwèl bèf, bon pou trete maladi lagal, maladi gratezon.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|