Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd fèy: Twonpèt

Dekòksyon fèy tronpèt yo febrifij. Bouyi yon fèy twonpèt nan valè yon lit dlo, bwè yon tas nan dite sa 3 fwa nan jounen an; ou ka itilize dite sa tou lè moun soufri enflamasyon nan fwa, enpi  w ka itilize l nan ka maladi opresyon ki vledi las. Idwopsi, se lè w gen anpil dlo ki chita nan yon pati nan kò a, ou byen nan plizyè pati nan kò a.

- Enfizyon yon fèy twonpèt nan yon lit ou byen 2 lit dlo diyiretik, sa vle di li pèmèt eliminasyon pipi a.

- Yon dekòksyon fèy twonpèt, fèy zaboka, fèy mang, se yon bon ben y pou moun ki soufri simenaj, ki vle di fatig lakòz twòp aktivite li genyen.

- Kont lekore ki vle di pèt blanch nan kilòt fanm: fè dekòksyon fèy twonpèt la, koule l nan twal pwòp, enpi sèvi ak dlo sa pou lave vajen w ki vle di kò fanm ou.

- Ji fèy twonpèt byen pile bon pou geri bwonchit.

- Ekòs fèy twonpèt astrenjan, ki vledi sibstans nan plant la ki pèmèt yon plè fèmen ; li ka rete dyare tou.

- Enfizyon ekòs twonpèt la bon pou moun ki soufri maladi blenoraji, ki vle di ekoulman ,grenn chalè.

- Latèks twonpèt la rak, li anmè anpil. Blese yon pye twonpèt, w ap jwenn latèks pou w panse blesi ki louvri.

- Yo souvan itilize twonpèt kont veri vilgè ak dat. Veri vilgè se maladi moun konn di, se disèl ki pete sou yo.

- Sèv plant lan pèmèt ou swanye ensifizans kadyak ki vle di kè fèb. Ou ka pran ekstrè likid plant lan ak gwo dòz (enfizyon yon fèy nan yon lit dlo).


Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.

 

 




 
Moso listwa Dayiti