MALADI TRIKOMONYAZ IRO-JENITAL
KI SA MALADI TRIKOMONYAZ IRO-JENITAL LA YE?
Se yon enfeksyon moun kapab trape nan sèks, akòz yon mikwòb. Lè mikwòb sa rantre sou moun,se nan aparèy irinè a, kivledi pati kote moun lan pipi a, ak nan aparèy jenital, kivledi kote moun lan fè sèks la mikwòb la kale pitit.
KIJAN MOUN KA TRAPE MALADI TRIKOMONYAZ IRO-JENITAL?
Moun ki pi souvan trape maladi a, se jèn moun, si se fanm ki gen plizyè gason, si se gason ki gen plizyè fanm.
Lòt kalite moun ki pi souvan trape maladi a ankò, se bouzen, kivledi fanm k ap kouche ak plizyè gason pou lajan ak byen.
Moun trape maladi a, lè l ale nan kontak seksyèl ak lòt moun ki deja gen mikwòb maladi a nan sèks yo.
KI SIY AK KI SENTOM KI KA PÈMÈT NOU SISPÈK MOUN SOUFRI MALADI TRIKOMONYAZ IRO-JENITAL?
Nan kèk ka, moun ki soufri maladi a pa santi okenn sentom. Men, nan pifò ka maladi a, malad la plenyen l ap bay dlo nan kilòt ou byen nan eslip li. Dlo pwès sa, yo rele lekore, gen movezodè, li gen koulè vèt, li tache, enpi l pa ka sipòte l. Lè malad la ap pipi, li brile l, li pipi dri ti tchik pipi. Anba ti vant la konn fè l mal. Vajen fanm lan grate l anpil jis li ka rive blese, enpi l vin anfle.
PREKOSYON KONT MALADI TRIKOMONYAZ IRO-JENITAL
Yon fanm pou yon gason; yon gason pou yon fanm.
Si w pral nan relasyon seksyèl ak moun ou pa byen konnen, ou byen ak moun ou sispèk ki ka gen plizyè patnè, gason an dwe mete kapòt.
Si yon fanm ou byen yon gason soufri maladi a, li dwe al konsilte, enpi, tout lòt moun li abitye ale nan relasyon seksyèl ak yo dwe pran trètman menm jan ak li.
Maladi trikomonyaz iro-jenital fè plis dega andedan vil pase andeyò vil. Gen plis ka maladi a nan peryòd lete, nan tan cho pase nan livè, nan tan frèt.
Fanm ki soufri maladi trikomonyaz iro-jenital ka gen difikilte pou fè pitit. Mikwòb maladi a kapab lakòz fanm ansent la fè foskouch, avòtman, kivledi move afè. Savledi, fanm ansent dwe toujou konsilte, enpi suiv konsèy ak trètman travayè sante. Lè n suiv konsèy travayè sante ak konsèy fòmatè sefòm, se patisipasyon nou nan fè maladi rekile. Lè maladi rekile, se avantaj pou chak moun, pou fanmiy nou ak pou tout kominote a.
|