| - Mobilizasyon: Ekri notab ak lidè nan zòn kote baz SEFÒM lan pral tabli, pou envite yo nan rankont SEFÒM. Voye lèt bay responsab legliz, lekòl, tanp, selon kwayans relijyon chak zòn...Fè rankont pèsonèl ak yo.
Distribiye sikilè mobilizasyon SEFÒM toupatou kote moun reyini: nan legliz, lekòl, mache, sant lwazi, match foutbòl, estasyon machin, gagè, sal reyinyon , kalfou kote moun ap jwe kat, domino, damye…,sal atant dispansè ak lopital, estasyon radyo. Si pandan distribisyon an, gen reflèksyon negatif ki fèt, pa reponn pwovokasyon, men bay tout moun randevou nan rankont SEFÒM.
- Ponktyalite: lapli pa lapli, toujou respèkte randevou SEFÒM
- Evite repete, ni ekri mo ki soti nan lòt lang pandan fòmasyon an
- Fòmatè SEFÒM pa dwe kontante l li tèks ak sijè reflèksyon yo sèlman. Preparasyon yo dwe fèt davans.
- Prepare yon entwodiksyon, ou byen yon ti kòmantè tou kout sou tèks la.
- Evite kòlòk, kivledi diskisyon ou byen deba ak yon sèl ou byen yon ti gwoup patisipan.
- Evite kesyon pyèj : ranvwaye kesyon difisil ou byen tout kesyon ki pa konsène tèks la pou lè sa nesesè.
Prepare yon òdjounen pou premye rankont la konsa:
- Pawoli pou kòmanse ak yon entwodiksyon sou SEFÒM
- Prezantasyon fòmatè ak delegasyon kowòdinasyon an
- Prezantasyon patisipan yo
- Kisa SEFÒM-DDWP vledi, ak wòl li nan kominote a, denpi lane 1994
- Fonksyònman SEFÒM: jou, lè, lokal
- Dire fòmasyon an ki depann de ritm fòmasyon an. Men, gen yon fòmil akselere nan DDWP pou gwoup òganize ki genyen omwen 50 moun
- Prensip ak disiplin SEFÒM
- Kòman kou ak egzamen SEFÒM ap dewoule
- Ranpli fòmilè enskripsyon (nimewo chak fòmilè ap kòmanse ak nimewo idantifikasyon fòmatè a, ki suiv ak nimewo lòd enskripsyon chak patisipan)
- 2 foto idantite (yonn pou fich idantifikasyon ak yonn pou achiv)
- Fòmasyon yon komite lokal SEFÒM ki gen ant 7 ak 11patisipan ladan l : kòdonatè, animatè, trezorye, delege, sekretè, konseye, responsab disiplin. Posiblite pou double, ou byen triple chak pòs, si gen plizyè patisipan ki anvi patisipe nan komite
- Enterè jeneral : kesyon-repons ak deba
CHEMA YON JOUNEN FÒMASYON:
Pou chak tèks: Definisyon – Etyoloji – Siy ak sentom – Prekosyon – Rezime tou kout – Evite kesyon pyèj - Prevwa kesyon previzib – Evalyasyon (teknik anime) – Fè yon patisipan li sijè reflèksyon (si patisipan w chwazi a gen difikilte pou l fè lèkti a, fòmatè a dwe refè lèkti a, san l pa imilye patisipan an) – Kòmantè ak deba sou sijè reflèksyon an.
Preparasyon Seremoni renmèt Sètifika Patisipan SEFÒM
Ekstrè Regleman Entèn SEFÒM
Atik 9- Chak fòmatè ki monte yon baz SEFÒM dwe avèti komite ekzekitif kowòdinasyon an, omwen 8 jou avan fòmasyon an tanmen. Enpi, fòmatè a, ou byen ekip fòmatè a kapab voye yon nòt nan direksyon radyo atlantik, pou radyo a fè reklam mobilizasyon pou baz la. Mobilizasyon kapab fèt tou ak mwayen sikilè
Atik 18- Pou chak egzamen SEFÒM premye etap, ki pral fèt, fòmatè baz la dwe avèti komite ekzekitif kowòdinasyon omwen 8 jou alavans. Aore dènye tès evalyasyon an, ak egzamen ratrapaj, chak fòmatè dwe voye nan biwo SEFÒM, lis nòt patisipan yo pou chak tès, ak total nòt yo byen klase. Fòmatè chak baz dwe ede patisipan yo prepare seremoni renmèt sètifika SEFÒM, enpi transmèt pwotokòl ak tout tèks pwogram seremoni an, nan komite egzekitif Kowòdinasyon SEFÒM
Atik 27- Fòmatè chak baz SEFÒM dwe mete tout patisipan yo okouran tout atik regleman entèn SEFÒM. Enpi, fòmatè yo dwe toujou gen yon kopi Regleman entèn SEFÒM, lè yo deplase nan delegasyon onon SEFÒM.
|