| PALIDISM, se lòt non yo bay maladi MALARYA. Zansèt nou yo gen plizyè bonjan resèt kont maladi Malarya yo kite pou nou ; yo te konn itilize : Lay, lalwa, seleri. Sitwon, zoranj si, pèsi, kenèp mal, asowosi, kannèl kajou, diten, boulnando ak vèvenn kerat…
Lay
Chak maten, kale 3 gous lay, enpi, moun ki soufwi malarya a, ap vale yo san kraze. Apre sa, l ap bwè yon gwo gode lèt tyèd.
Lalwa
Kase fèy lalwa a pou nou retire ji a. Moun ki soufwi malarya ap adousi somay 3 gwo kiyè ji lalwa pou li bwè chak maten pandan 3 jou.
Seleri
Pran yon bon ponyen fèy seleri, pile l pou l rann ji a. Moun ki soufwi palidism a nap bwè l chak fwa li santi lafyèv la.
Sitwon
Koupe 2 sitwon. Melanje ji a ak yon tas esans kafe san adousi. Chak maten, anvan l manje, moun ki soufwi malarya a ap bwè l.
Zoranj si
Pire yon mwatye zoranj si nan yon tas lèt cho. Bwè l chak aswè pandan 3 jou.
Pèsi
Pran yon ponyen fèy pèsi, pile yo pou yo rann ji a. Delye ji a nan yon ti gode dlo pou moun ki soufwi malarya a bwè pandan lajounen an.
Diten ak asowosi ak zoranj si ak lalwa
Melanje yon ponyen diten ak yon ponyen asowosi ak yon fèy lalwa ak yon zoranj si ak tout zès li. Pile yo, koule y. Mete ji sa a bouyi nan ti dife jis li redi valè yon tas pou moun ki soufwi malarya a bwè chak maten, anvan l manje, pandan 3 jou.
Boulnando
Pran yon pye boulnando antye, lave l enpi kite l tranpe nan valè 2 kola diven blan pandan 7 jou nan solèy ak 7 nwit nan sèren. Adousi l somay ak siwo myèl pou moun ki soufwi malarya a bwè yon ti vè piti anvan l manje.
Boulnando ak asowosi
Mete bouyi yon pye boulnando ak tout rasin ak 3 fèy asowosi ak kèk boujon roz. Lè l frèt, moun ki soufwi maladi palidism lan ap bwè yon tas maten, midi, ak aswè.
Boulnando ak sitwon ak kannèl
Mete tranpe pandan 9 jou ak 9 nwit nan valè 2 kola diven blan, 7 moso rasin pye sitwon ak zès yon sitwon, ak yon ponyen grenn boulnando vèt ak kèk moso kannèl ak kèk kiyè sik wouj ak yon gwo kiyè kenkina. Moun ki soufwi malarya ap bwè yon ti vè maten ak aswè.
Boulnando ak kajou
Mete 7 pye boulnando ak tout rasin ak 21 fèy kajou ak yon ti moso bwa kajou nan valè 2 kola diven blan. Pile yo tout ansanm, enpi kite yo tranpe pandan 7 jou nan solèy ak 7 nwit nan sèren. Moun ki soufwi malarya a ap bwè yon ti vè maten ak aswè apwe l fin manje.
Kenèp mal ak sitwon
Chak maten mete mwatye sitwon vèt bouyi nan valè yon gode dlo pandan 10 minit. Enpi, chak jou nou mete yon fèy kenèp mal anplis nan dite a pou moun ki soufwi malarya a bwè.
Pa egzanp, premye jou a, li mete yon fèy kenèp mal nan dite a, dezyèm jou a li mete 2 , twazyèm jou a li mete 3, jis uityèm jou a li mete 8 fèy kenèp mal nan dite a.
Kenèp mal ak vèvenn kerat
Pran 3 fèy kenèp mal ak 3 fèy vèvenn kerat, lave yo enpi mete yo nan yon tas dlo cho ki fenk fin bouyi tou cho. Lè l frèt, moun ki soufwi malarya a ap bwè yon tas maten, midi, ak aswè.
Nan lòt sikonstans nou ka itilize vèvenn kerat:
- Si w gen gwo vant fè mal ak dyare, ou mèt pile yon ponyen fèy vèvenn kerat byen fen, mete yo nan yon ti dlo, w ap bwè yon gwo kiyè 4 fwa nan jounen an. Si w ajoute lwil maskriti nan dlo fèy vèvenn kerat la, ou vin gen yon bonjan renmèd kont vè nan vant timoun tankou granmoun.
- Si w soufwi maladi Epilepsi, ou kapab bwè chak maten, anvan w manje yon tas ji fèy vèvenn kerat.
- Si w nève fasil ak gwo kout san, ou ka fè dite ak 7 fèy vèvenn kerat nan yon tas dlo.
- Si w pa ka dòmi, mete 2 fèy vèvenn kerat tranpe nan valè yon gode dlo pwòp pandan mwatye jounen. Bwè yon bon valè aswè anvan w kouche.
- Si w gen tèt fè mal, lawouli, noze, kivledi anvi vomi, ou ka pile kèk fèy vèvenn kerat, wouze yon ti gout wonm sou yo, enpi mete l tankou konprès sou tèt ou. Renmèd fèy kapab kouri dèyè palidism, gras patisipasyon w nan transmèt konesans yo w ap ranmase nan SEFÒM ak sou radyo atlantik.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|