Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd Fèy: Renmèd Fèy Kont Okèt
Pi souvan okèt se konsekans yon maladi ou byen yon pwoblèm nè nan kò a, men pafwa se akòz yon pwoblèm nan trip, si lèstomak la twò chaje, sa ka fè moun lan gen okèt. Gen plizyè renmèd fèy ki ka pote soulajman lè moun gen okèt. Renmèd fèy tankou: labsent, sitwon, melon, diten, pwav, pwakongo.

Labsent
Nou pran kèk fèy labsent nou fin lave enpi nou vide enpe dlo bouyi cho sou li. Pandan li cho, chalè bouch ka sipòte, moun ki gen okèt la bwè l. Si se granmoun, li bwè 3 gwo kiyè maten,midi, aswè ; si se timoun, li bwè 3 ti kiyè maten, midi, aswè.

itwon
Nou pran yon ti kiyè sik nou pire yon ti ji sitwon ou byen mete kèk ti degout vinèg sou li, enpi moun ki gen okèt la ap souse l.

Melon
Moun ki gen okèt souvan dwe bwè ji melon anpil.

Pwav
Moun ki gen okèt la ka fè yon dite ak 12 fèy pwav nan yon tas dlo k ap bouyi. Nou sikre l somay, enpi moun lan ap bwè l. Lòt fason ankò, moun ki gen okèt la ka kraze anba dan l,    3 ou byen 4 grenn pwav.

Diten
Nou pran 12 fèy diten nou mete yo bouyi nan valè yon kola dlo. Moun ki gen okèt la ap bwè l tou cho, pa tas.

Pwa kongo
Nou mete 12 fèy pwa kongo nan valè yon kola dlo k ap bouyi, apwe l fin fwèt, nou sikre l somay pou nou bay moun ki gen okèt la bwè.

Men w ta nan erè si w ta panse pwa kongo ka itilize sèlman si moun gen okèt. Lè w pran yon ponyen fèy pwa kongo, ou pile yo, ou melanje yo ak 3 gwo kiyè wonm, 2 gwo kiyè siwo myèl nan yon mwatye gode dlo bouyi ki fwèt, lè sa w vin gen yon bonjan renmèd pou gagare kont doulè ak enflamasyon nan gòj, nan amigdal, kont moun ki anwe.

Lè yon moun fè antòs, fouli, ou byen si jwenti zo yo dejwente, li kapab bouyi kèk fèy pwa kongo, li pile yo enpi li kraze kèk grenn disèl ladan yo. Konsa, li ka fwiksyonnen kote ki gen antòs la, ou byen kote ki dejwente a.

Si yon moun gen maleng ki difisil pou geri, li kapab pran kèk fèy pwa kongo lave, li vide dlo bouyi cho sou li. Lè l fwèt, ak dlo sa a li ka lave maleng lan.

Lè yon moun gen gwo doulè vant, dyare ak move dijesyon ak gaz nan vant, li ka pran yon ponyen fèy pwa kongo chèch, li vide dlo cho sou li. Li bwè tizann sa a lè l fwèt. Si yon moun ta gen gwo dyare ak vant fè mal, lè l fenk fin bwè zwit kri ou byen lòt bèt lanmè anpwazonnen, li kapab pran fèy, boujon, tij, rasin pye pwa kongo a, li vide ti kras dlo bouyi sou yo dekwa pou tizann lan byen konsantre.

Lè l fwèt, moun lan bwè l. Si yon moun gen k ap nan tèt ou byen si cheve li ap tonbe, si li gen tèt kwòt, li ka kite yon bon valè boujon fèy pwa kongo tranpe plizyè jou nan yon kola wonm. Lè l fin lave, rense tèt li, li pase losyon sa a nan
rasin cheve yo chak jou.

Si yon moun gen kè sote toutan, ou byen si li sòt pran yon gwo sezisman, si se yon moun ki soufwi maladi ipètansyon (tansyon twò wo), li kapab griye enpi pile yon ponyen grenn pwa kongo chèch. Moun lan ka mete ti kantite poud la nan grèg, li vide dlo bouyi ki cho sou li, pou li bwè l pa tas.

Si yon moun soufwi maladi asid, li ka bwè  dite fèy ou byen dite boujon fèy pwa kongo ak yon ti disèl, ou byen moun lan ka kraze anba dan l, enpi vale 7 fèy pwa kongo vèt.

Jodya se te yon tòkèt renmèd fèy kont okèt, men si w ta renmen konnen chay  renmèd fèy, koute radyo atlantik.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti.  Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti