Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd Fèy: Renmèd Fèy Kont Movèzalèn
Si w konn gen Movèzalèn, ou byen pou w evite movèzalen, ou dwe al konsilte lakay yon doktè dantis, kivledi yon doktè pou dan ak bouch.

Doktè dantis la ka wè si w soufwi maladi kari dantè, kivledi maladi dan gate. Maladi kari nan dan souvan lakòz moun gen movèzalèn, se pou nou toujou byen bwose dan ak kwen dan yo chak fwa nou fin manje, enpi anplis chak aswè anvan nou kouche pou nou dòmi.

Pa manje twòp bagay dous, pa mete twòp lay nan manje nou. Men, lè moun gen move lodè nan bouch, gen plizyè renmèd fèy ki ka fè mèvèy. Renmèd fèy tankou: labsent, kafe, kawòt ak zepina, ekaliptis, jiwòf, mant, pèsi ak radi...

Fèy labsent
Mete yon ti ponyen fèy labsent bouyi nan valè yon tas dlo pwòp pandan 3 minit. Lè l fret, moun ki gen movezalèn lan ap bwè yon tas chak maten lè l ponkò manje.

Esans kafe
Moun ki gen movezalèn ka bwè yon tas esans kafe byen somay chak jou.

Ji kawòt ak zepina
Prepare ji kawòt ak fèy zepina, melanje yo enpi moun ki gen movezalèn ap rense bouch li, gagarize ji a plizyè fwa nan jounen an.

Fèy Ekaliptis
Moun ki gen movezalèn lan ap byen lave kèk fèy ekaliptis pou li kraze anba dan l tankou chiklèt.

Grenn jiwòf
Moun ki gen movezalèn nan bouch kapab kraze anba dan l yon grenn jiwòf.

Fèy Mant
Mete kèk fèy mant vèt bouyi nan mwatye tas dlo ak mwatye tas diven. Lè l frèt, moun ki gen movezalèn lan ap bwè yon tas chak jou pandan plizyè jou.

Fèy pèsi
Moun ki gen movezalèn ap byen lave kèk fèy pèsi, enpi li kraze yo anba dan l pandan 15 minit; apwe sa li manje yon frui.

Fèy radi
Moun ki gen movezalèn ka lave kèk fèy radi, enpi li kraze yo anba dan l pandan kèk minit.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti.  Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti