Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd Fèy: Renmèd Fèy Kont Pich-Pich
Maladi moun rele Pich-Pich ou byen Malozye, se yon enfeksyon ak yon mikwòb ki rantre nan zye yo. Lòt fason nou ka rele maladi a ankò, se konjonktivit, kivledi enflamasyon yon ti vwal yo rele konjonktiv ki pwoteje chak zye yo. Se yon maladi atrapan. Lè yon moun soufwi maladi a, zye yo grate l, bwile l, yo fè l mal, yo vin tou wouj, yo anfle, yo fè ti matyè jòn, tankou pij.

Gen anpil renmèd fèy nou ka itilize kont maladi konjonktivit :

Ji Sitwon
Mete yon ti degout ji sitwon fre, byen koule ak delye, maten, midi ak aswè nan chak zye.

Fèy Rezen
Tranpe zye yo nan yon enfizyon fèy rezen fre tyèd.

Lwil Maskriti
Mete yon ti degout lwil maskriti nan chak zye maten ak aswè.

Tomat
Mete sou po zye yo, sik pye tomat la ou byen yon moso tomat byen mi sou chak popyè, kivledi sou po zye yo.

Zonyon
Kale yon zonyon, enpi bouyi dlo pou w vide sou li. Lè l frèt, nou adousi l ak siwo myèl. Nou ka mete yon ti degout melanj la nan chak zye maten ak aswè.

Fèy Pitimi ak fèy Tamaren
Pran yon ponyen fèy tamaren, nou mete l nan valè mwatye kola dlo bouyi. Lè l frèt, nou sèvi ak li pou n lave zye yo.

Kalalou Gonbo
Byen lave 3 gonbo ; koupe yo fè ti moso, enpi kite yo tranpe nan dlo fre, jis dlo a vin tankou yon glè. Nou ka lave zye yo ak glè sa.

Fèy ak Flè Jijiri
Fè yon bon enfizyon ak fèy, ak flè jijiri ; lè l frèt, nou mete yon ti degout nan chak zye yo plizyè fwa nan jounen an.

Flè Pye Kalbas
Pran kèk flè pye kalbas ki fenk tonbe atè ; lave yo, pile yo, koule yo nan yon moso twal pwòp. N ap mete yon ti degout ji flè kalbas nan chak zye maten midi ak aswè.

Rakèt Plat
Kale rakèt plat la pou nou retire pikan yo, kwit li, enpi mete l sou fwon ak sou popyè yo.

Bwa ak Boujon Monben
Bouyi dlo pou n vide sou moso bwa ou byen sou kèk boujon monben. Nou ka sèvi ak dlo sa lè l frèt pou n lave zye yo...

Si nou konnen renmèd fèy, nou ka jwenn bonjan soulajman nan plizyè ka maladi. Si w ta renmen konnen plis renmèd fèy toujou, koute, enpi envite moun koute radyo atlantik, nan emisyon SEFÒM ak emisyon MALADI AK RENMÈD FÈY.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti.  Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti