Mwen renmen renmèd fèy, paske si nou te konnen plis renmėd fėy, kantite moun ki mouri ak maladi tansyon t ap diminye, tèlman peyi a rich ak renmèd fèy ki ka desann tansyon moun ki soufwi maladi ipètansyon. Renmèd fèy tankou pwa kongo, fèy monben, bab mayi, militon, lay...
Kijan Nou Prepare Renmèd Fèy Sa Yo?
Pwa kongo chèch
Ou pran yon ponyen, ou griye l, pile l jis li fè poud. Ou mete valè poud nan yon grèg ak dlo bouyi cho pou fè yon tas. Moun ki fè maladi tansyon an, ap bwè l chak maten.
Fèy monben
Moun ki soufri maladi tansyon an ka fè dite ak 3 fèy monben pou yon tas dlo bouyi, l ap bwè l chak maten.
Bab mayi
Moun ki soufwi maladi tansyon an ka mete yon ponyen bab mayi nan valè yon kola dlo bouyi. L ap bwè tizann sa a tout jounen.
Militon
W ap koupe yon militon fè 4 moso egalego. Ou graje yon moso (yon ka) , enpi w vide 2 tas dlo bouyi sou li. Lè l fin fwèt, moun ki soufwi maladi tansyon an ap bwè l pandan 2 ou byen 4 fwa nan jounen an.
Lay
Ou pran 2 ou byen 4 gous lay, ou graje yo, enpi w mete yo nan valè yo vè dlo cho, ou koule y pou moun ki soufwi maladi tansyon an bwè chak maten apwe w fin kite l tranpe tout lannwit. Men, ou dwe konnen lay la se pa pou tansyon sèlman ou ka itilize l. Ou kapab kale yon gous lay, ou koupe l ti moso piti piti, pou w vale san kraze, ak yon gran gòje dlo chak maten, selon chif tansyon an.
Lay, se yon bon renmèd kont maladi vè nan trip. Gen 2 fason w ka prepare l. Premye fason, ou rache 3 gous lay fè ti moso piti, ansanm ak kèk bwanch pèsi, ou melanje yo ak yon ti lwil doliv, enpi w mete l sou yon moso pen pou bay moun lan manje.
Dezyèm fason, se preparasyon siwo lay kont vè pou timoun. Ou kale 6 tèt lay pou mete bouyi nan ti dife ak 10 kiyè sik nan demi kola dlo ; lè l fin fwèt ou bay ti moun lan li yon ti kiyè maten ak aswè.
Si w gen kò nan zòtėy, dwèt pye, ou ka kuit yon gous lay nan sann dife pou w mete sou kò a, w ap jwenn soulajman. Si w ka manje yon gous lay chak jou se pwoteksyon kont maladi ki bay tous, maladi nan kè, nan trip, ak yon bann lòt ankò.
Enpi, si w ta renmen konnen plis renmèd fèy toujou, koute radyo atlantik
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|