Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd Fèy: Fèy Kont Opresyon, Si Pat Gen Renmèd Fèy

Moun ki soufwi Maladi LAS, maladi Opwesyon, konnen byen enpòtans yon ti grenn ou byen yon piki lè yo pran l, kòman li soulaje yo, li pèmèt yo rèspire miyò. Men, moun sa yo pa konnen pètèt, se nan plant, se nan pye bwa ki pouse nan tè peyi dayiti, pifò nan renmèd sa yo sòti.

Pami tout renmèd fèy nou ka itilize pou konbat maladi opwesyon nou jwenn : Lay, lalwa, labapen, kafe, pwapyan, kokoye, koton, grenadin, malonmen, pye mang, zoranj si, papay, kase zo, pèsi, powo, pwa kongo, pòm kannèl, maskriti, tamaren, tomat ak twonpèt…

Lay
Kraze kèk gous lay, enpi kite yo tranpe nan valè demi kola alkòl 90 degre. Lè moun lan gen kriz las la, vide yon ti gout nan melanj la sou yon ti kiyè sik pou malad la souse.

Lalwa
Melanje 3 gwo kiyè sik lalwa ak 3 gwo kiyè esans kafe, pou moun ki gen opwesyon an bwè.

Labapen
Moun ki soufwi maladi opwesyon an ap fè dite ak rasin pye labapen pou li bwè plizyè tas chak jou.

Kafe
Melanje 3 gwo kiyè esans kafe, ak 7 gout ji sitwon ak yon ti grenn disèl pou malad la bwè lè li gen kriz las la.

Pwapyan
Griye enpi pile grenn pwapyan yo; mete valè yon gwo kiyè poud pwapyan an nan grèg, vide dlo bouyi cho ladan. Chak fwa malad la gen kriz opwesyon an, l ap bwè yon tas.

Kokoye
Graje 2 kokoye chèch, tòde kokoye graje yo pou yo rann lèt la. Bouyi yon gous lay vyolèt nan lèt kokoye a. Lè l fin bouyi, li bay yon grès ki chita sou lèt la. N ap retire grès la, nou melanje l ak menm valè siwo myèl. Moun ki soufwi maladi opwesyon an ap bwè yon ti kiyè maten ak aswè, ak yon ti kiyè apwe chak kriz.

Koton
Lè n fin griye grenn koton ki chèch, nou pile yo jis yo tounen poud. Mete valè yon gwo kiyè poud la nan grèg, vide dlo bouyi cho ladan l. Malad ki soufwi opwesyon an ap bwè yon tas maten, midi, aswè.

Grenadin
Pran 7 a 12 flè grenadin, lave yo, enpi mete yon ti dlo cho ki fenk fin bouyi nan yon kaswòl pou n mete flè grenadin yo ladan. Moun ki soufwi maladi opwessyon an ap bwè yon tas maten,midi, ak aswè.

Malonmen
Nan valè 4 kola dlo pwòp nou mete plizyè pye malonmen ak tout rasin. Nou kite l bouyi jis li redi 2 kola. Malad ki soufwi opwesyon an ap bwè yon vè dite a maten midi, aswè.

Zoranj si
Griye grenn zoranj si chèch. Pile yo, fè yo tounen poud. Mete ti grenn disèl nan poud la. Mete poud la nan grèg, vide dlo bouyi cho ladan, enpi malad ki soufwi opwesyon an ap bwè yon tas chak maten anvan l manje.

Papay
Lè malad la fin manje kèk moso papay, li bwè yon dite ki fèt ak yon moso fèy papay ak yon moso fèy zanmann.

Kase zo
Mete yon ponyen fèy ak rasin kase zo nan valè 2 kola dlo bouyi cho. Moun ki soufwi maladi a ap bwè l pa tas tout jounen.

Pesi
Met yon ponyen rasin pèsi nan 2 kola dlo. Apwe l fin bouyi kite l fwèt pou malad la bwè l tout jounen an pa tas.

Powo
Mete kit 6 pye pye powo tou antye, nan dlo. Mete 2 grenn disèl. Malad la ap bwè bouyon sa maten ak aswè.

Pwa kongo
Moun ki soufwi maladi opwesyon an ka fè dite ak gous pwa kongo.

Pòm kannèl
Mete 7 fèy pòm kannèl nan valè 2 kola dlo bouyi cho. Lè l fwèt malad la ap bwè yon tas maten, midi ak aswè.

Maskriti
Malad ki soufwi maladi opwesyon ka bwè pandan kriz la, dite fèy kamomiy adousi, ki melanje ak 2 gwo kiyè lwil maskriti.

Tamaren
Moun ki soufwi maladi opwesyon, ka bwè dite fèy ak moso bwa tamaren, valè yon tas maten, midi aswè.

Tomat
Lave kèk fèy tomat, pile yo pou yo bay valè yon kiyè ji. Melanje l ak yon kiyè ji fèy pwa kongo ak yon kiyè ji lwil doliv. Moun ki soufwi maladi opwesyon  an ap bwè yon kiyè maten bonè anvan l manje.

Twonpèt
Pandan kriz la, malad la ka bwè dite fèy twonpèt. Li fè dite a ak yon fèy twonpèt pou 2 kola dlo. Men, fèy twonpèt la ka itilize nan anpil lòt sikonstans ankò, tankou :

- Yon bon dite fèy twonpèt ka soulaje moun ki anfle, moun ki gen kè fèb.

- Lè w fatige, nan travay anpil, ou ka pran yon ben y ak fèy twonpèt, fèy zaboka, ak fèy mang.

- Lè yon fanm gen lekore, kivledi pèt blanch, ti dlo blan k ap koule nan kilòt li, li kapab bouyi fèy twonpèt, koule dlo a, kite l fwèt pou li fè twalèt vajen l.

- Moun k ap touse, ka lave fèy twonpèt, pile yo enpi li bwè ji fèy yo.

- Moun ki soufwi maladi gonore, ou byen blenoraji, ou byen ekoulman, ou byen maladi ki rele grenn chalè, pou men maladi a ki gen plizyè non sayo, malad la ka pran yon moso bwa ak rasin pye twonpèt la, li bouyi l, li kite l fwèt pou li bwè plizyè fwa nan jounen an pandan plizyè jou.

- Lè w koupe bwa twonpèt la,li rann yon gonm pwès yo rele latèks. Pou fasilite gerizon yon plè ou byen blesi fwe, ou ka pase latèks twonpèt la sou li.

- Si w gen maladi dat, si w gen maladi veri vilgè, se maladi sa moun yo konn di se disèl ki pete sou yo, ou kapab pase latèks twonpèt plizyè fwa nan jounen an sou yo, w ap jwenn solisyon.

Renmèd nan famasi ap vin pi chè. Kontreband ak vye renmèd dat pase ap anvayi peyi nou. Otorite, ki rèsponsab pou defann nou, pou pwoteje sante nou, manke fè travay yo. Men, si pat gen renmèd fèy...
Si w ta renmen konnen plis renmèd fèy toujou, koute radyo atlantk.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti.  Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti