Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd Fèy: Fèy Kont Kap Nan Tèt
Lè w gen kap nan tèt, sa ka lakòz ou vin gen bouton ak  pwen nwa nan figi, nan zepòl ak nan do.
Pami bonjan renmèd fèy nou ka ititlize kont kap nan tèt, nou jwenn: Fèy Dat ak fèy womaren.

FEY DAT
Mete yon ponyen fèy Dat bouyi nan valè 2 kola dlo pandan 10 minit. Se ak dlo sa pou w lave cheve yo chak 2 jou. Pandan trètman an, moun ki gen kap nan tèt ap bwè yon ti kiyè siwo flè dat maten ak aswè.

FEY WOMAREN
Bouyi dlo pou w vide l tou cho sou yon ponyen fèy womaren. Mete kèk degout vinèg blan ladan l anvan moun ki gen kap nan tèt itilize l pou l lave tèt li chak jou…

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti.  Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Moso listwa Dayiti