Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd Fèy: Fèy Kont Maladi Nan Fwa
Fwa, se yon òga n andedan vant, anba zo kòt yo adwat. Fwa rèsponsab pou netwaye tout move bagay andedan kò a ki sòti nan manje nou manje.

Lè yon moun malad nan Fwa, li konn santi doulè nan vant adwat anba zo kòt, li konn wote si, li santi l malalèz, move dijesyon, li konn santi l anvi vomi, bouch pa dou, anlè, fatig, kò l konn grate l. Moun ki soufwi maladi nan fwa konn gen lafyèv, zye l konn gen koulè jòn, po kò l, plat men l, plat pye l, zonk li jòn ; pipi l jòn, wouj ou byen nwa. Lè sa yo konn di moun lan soufwi maladi lajònis.

Lè moun soufwi maladi nan fwa, li pa dwe bwè gwòg, ni anyen ki gen alkòl, li pa dwe manje manje ki gen twòp grès ak twòp zepis, li dwe evite tout bagay ki kapab bay fwa a pwoblèm ; enpi, gen bonjan renmèd fèy ki ka pote soulajman tankou : kawòt, lèti, tomat, legim, chadèk, sitwon, joumou, lila, zonyon, zoranj si, piman zwazo, ponpon sòlda, radi.

KAWOT
Moun ki soufwi maladi nan fwa ka bwè yon tas ji kawòt chak maten anvan l manje.

LETI
Mete yon ponyen fèy lèti nan valè 2 kola dlo ; kite l bouyi pandan inèdtan pou moun ki soufwi maladi nan fwa bwè tout jounen.

TOMAT
Moun ki soufwi maladi nan fwa ka manje anpil tomat, chak jou.

LEGIM
Moun ki soufwi maladi nan fwa, dwe bwè chak maten ji legim ak rasin, fèy, bwa yo.

CHADEK
Kale chadèk la, enpi vide dlo bouyi cho sou po chadèk la, enpi lè l frèt moun lan ap bwè yon tas chak maten anvan l manje

SITWON
Pire ji 2 sitwon, pou moun lan bwè chak jou. Koupe 3 sitwon vèt, vide dlo bouyi cho sou yo, kite l nan veso a pandan 8 èdtan. Moun ki soufwi maladi nan fwa ap bwè yon tas chak maten anvan l manje.

JOUMOU
Graje joumou an pou n fè l rann ji a. Moun ki soufwi maladi nan fwa ap bwè yon tas ji chak maten anvan l manje pandan 8 jou. Nan nevyèm jou a, moun lan ap bwè yon  bon dite jenjanm.

LILA
Prepare tizann ak yon ponyen fèy lila nan valè 2 kola dlo pou moun lan bwè tout jounen.

ZONYON
Rache 2 gwo zonyon fè ti moso toupiti, mete yo nan valè 2 kola diven blan ak 15 gwo kiyè siwo myèl. Souke l tanzantan pandan 2 jou. Moun ki soufwi  maladi nan fwa ap bwè yon ti vè maten, midi, apwemidi ak aswè chak jou.

ZORANJ SI
Kale zoranj si a, mete blan zoranj si a bouyi nan valè 2 kola dlo. Lè l fwèt, moun lan ka bwè l pandan tout jounen an.

PIMAN ZWAZO
Moun ki soufwi maladi nan fwa ka mete anpil piman zwazo nan manje l.

PONPON SOLDA
Mete yon bon ponyen rasin ak kèk fèy ponpon sòlda bouyi nan valè 2 kola dlo, jis li vin redi demi kola. Moun ki soufwi maladi nan fwa ap bwè 2 tas chak aswè pandan 3 jou.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti.  Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

 

Moso listwa Dayiti