| Maladi grenn chalè, yo rele tou maladi ekoulman, ou byen blenoraji ou byen gonore,, se yon maladi moun pran nan sèks. Nan tan lontan, lè pat gen dispansè ak lopital, granmoun yo te konnen kijan yo ka konbat maladi grenn chalè ak renmèd fèy tankou : lalwa, berejèn, sitwon, zepina, pèsi, tamaren, ak papay...
Lalwa
Malad la ap bwè yon ti kiyè sik lalwa maten, midi ak aswè.
Berejèn
Nou pran yon ponyen rasin berejèn, lè nou fin lave rasin yo, nou mete yo nan valè yon kola dlo k ap bouyi. Nou kite l frèt pou moun ki soufwi maladi grenn chalè a bwè tizann sa a tout jounen,
Sitwon
Nou pran kèk bon moso rasin yon pye sitwon, nou lave yo, enpi nou mete yo bouyi pandan 15 minit nan yon kola dlo ki te deja kòmanse bouyi, Nou kite l frèt pou malad la bwè tout jounen.
Zepina
Nou lave yon ponyen rasin zepina pou nou mete bouyi nan valè yon kola dlo. Lè l fin frèt, moun ki soufwi maladi grenn chalè a ap bwè l tout jounen.
Pèsi
Nou pran plizyè pye pèsi tou antye nou lave yo. Nou pile yo pou rann ji a. Moun ki soufwi maladi grenn chalè a ap bwè yon ti kiyè ji chak maten anvan l manje.
Tamaren
Nou pran kèk moso ekòs tamaren, nou mete yo tranpe nan valè yon kola dlo pwòp frèt pandan plizyè jou. Moun ki malad la ap bwè tizann sa a pandan la jounen an.
Papay
Nou pran plizyè moso rasin pye papay, nou lave yo, enpi nou mete yo bouyi nan yon kola dlo pandan 15 minit. Nou kite l frèt pou nou bay moun ki soufwi maladi grenn chalè a bwè pandan tout jounen an.
Si w panse papay la bon pou maladi blenoraji sèlman, ou nan erè, paske lè w pra l kit yon vyann ou byen lanbi ki twò di, meyè fason pou fè yo byen lage, pou fè yo vin mou, se fwote kèk fèy papay, enpi vlope vyann ou byen lanbi a nan fèy papay yo pandan tout yon nuit, nan denmen maten vyann lan ap vin mou enpi li gen pi bon gou.
Lè tete yon fanm nouris angòje, nou ka pran yon fèy papay, nou pase yon ti lwil maskriti sou li, enpi nou mete l sou tete a. Si w gen anpil tach nan figi, koupe papay la, pran sik la pou pase nan figi w pou w vin bèl takou yon flè natirėl.
Pou moun ki gen vè, nou ka fè yo bwè 2 kiyè sik papay si se timoun ; si se granmoun l ap bwè 2 gwo kiyè sik papay vèt la. Lòt pati nan papay la ki bon pou vè, se grenn papay la, nou seche yo, nou pile grenn papay la, enpi nou fè poud la.
Si yon moun soufwi maladi asid ou byen ilsè lèstomak, li ka fè dite ak yon moso fèy papay mal, nan valè yon tas dlo, ou byen li ka bwè ji papay vèt.
Si w gen doulè rimatis, bwè yon grenn papay chak jou ou byen pran kèk moso rasin papay pou fè dite, pou bwè 4 fwa nan jounen an.
Si w konstipe, ou pa ka poupou, pran yon moso papay mi, simen ti disèl fen sou li, manje y enpi bwè yon gode dlo.
Si w gen dyare, graje yon papay vèt, vide yon ti dlo sou li, koule y, sikre y pou bwè pa gwo kiyè, ou byen ou ka bwè ji papay vèt, ji papay mi.
Si w gen vomisman, mete yon moso fèy papay nan valè yon tas dlo ki fenk fin bouyi, mete yon ti disèl ladan pou w bwè 3 fwa nan jounen an.
Pi fò renmèd ki nan famasi nan peyi dayiti se nan peyi lòt bò yo sòti. Peyi lòt bò vle fè w kwè li renmen w, peyi lòt bò ba w sinistre lè yo vle, peyi lòt bò voye renmèd yo vle, lè yo vle. Konsa tou, peyi lòt bò bay anbago lè yo vle. Men, peyi lòt bò p ap janm ka bay anbago sou renmèd fèy…
Se pou sa, nou dwe pataje konesans yo bay lòt frè ak sè. Koute, enpi envite moun koute radyo atlantik pou w ranmase plis konesans toujou ….
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|