Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd Fèy: Fèy Kont Enpisans Seksyèl

Ki renmèd fèy nou ka itilize pou nou konbat enpisans seksyèl pou fè gason vin gason?
Gen plizyè renmèd fèy ou byen sibstans ki afwodizyak. Afwodizyak, savledi se tout renmèd ou byen sibtans ou byen manje if è lè yon moun pran l, li anvi rantre nan relasyon seksyèl, ou byen li fè peni an kanpe fasil pandan plis tan.

Manje afwodizyak, se manje ki gen bonjan piman ak zepis, se bèt lanmè, lanbi, jòn ze, zonyon kri, pistach griye, manba, labouyi farin manyòk sikre ak siwo myèl, ji grenadya, ti bwason ki gen alkòl.

Lè yon gason bwè chak maten pandan l ponkò manje, yon blan ze ou byen 2 ze byen bat ak siwo myèl, ou byen si li manje chak maten yon jòn ze fwi nan bè enpi li pase siwo myèl sou li, sa ka fè l vin gen bonjan pisans seksyèl. Gen plizyè plant afwodizyak tankou : Zannanna, zaboka, bannann, bwa bande, seleri, zoranj si, pwav, zonyon ak asowosi…

ZANNANNA
Nou pran kè zannanna a, nou mete l tranpe pandan 8 jou nan yon valè 2 kola diven blan. Nou adousi l ak siwo myèl, enpi gason an ap bwè yon vè chak jou.

ZABOKA
Graje yon grenn zaboka, mete l tranpe nan yon valè 2 kola diven blan pandan 8 jou, enpi gason an ap bwè yon ti vè a 4 trè nan apwemidi ak yon lòt ti vè aswè lè l pra l kouche.

BANNANN
Gason an ap boukannen bannann vèt nan chabon dife, enpi li pase siwo myèl sou li anvan l manje l.

BWA BANDE
Pran kèk ti moso bwa bande, mete yo tranpe nan yon tas dlo pwòp ou byen nan yon tas wonm pandan mwatye jounen, ou byen mete yon ponyen moso bwa bande bouyi nan valè 2 kola dlo jis li redi yon tas. Gason an ap bwè l lajounen an.

SELERI
Vide 2 kola dlo bouyi cho sou 3 moso rasin seleri. Adousi l ak siwo myèl, enpi gason an ap bwè yon vè chak 4 trèdtan.

ZORANJ SI
Pran ji plizyè zoranj si mete yon vè ak mwatye siwo myèl ak yon vè diven blan ladan l. Kite l byen fèmen nan boutèy pandan yon mwa. Apwesa gason an ap bwè yon ti vè piti maten ak aswè.

74
PWAV
Kraze yon gwo kiyè grenn pwav, mete yo tranpe nan 2 kola diven blan. Gason an ap bwè l pa ti vè byen glase pandan l ap manje.

ZONYON
Mete bouyi yon valè siwo myèl lè l fin bouyi, vide ji zonyon kri ladan l, enpi byen bwase yo. Gason an ap bwè yon gwo kiyè maten ak aswè.

ASOWOSI
Gason an ap fè dite ak rasin ansanm ak fèy asowosi a pou li bwè yon tas chak aswè.
Asowosi kapab pèmèt nou rezoud pwoblèm kèk enpisans seksyèl, men asowosi ka itil nan lòt sikonstans ankò, tankou:
-Si w gen yon gwo blesi, ou ka pran fwi mi asowosi a ou melanje l ak lwil zanmann dous pou mete sou plè a k ap geri pi vit.
-Si w gen maladi LAGAL ak GRATEL. Ou ka pran plizyè fèy asowosi, ou kraze yo enpi w melanje yo ak swif ou byen ak vazlin ; ou ka itilize pomad sa pou w pase sou po kò a chak jou.
-Lè w gen lafyèv ak dyare, yon tizann fwi asowosi kapab ede w. Enpi, se pa pou enpisans seksyèl sèlman gen bonjan renmèd fèy. Si w enterese konnen plis renmèd fèy toujou, koute radyo atlantik.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti.  Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti