Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd Fèy: Jodya Ki Dat?, Fèy kont Dat

Dat, se yon maladi atrapan, yon enfestasyon po kò a. Lè dat parèt sou po kò w, ou dwe chèche trètman, paske ayè dat la te nan pye, jodya dat la nan kwen janm ou, denmen dat la ka mache pran tout kò w. Enpi, nan kontak ou ak lòt moun nan sosyete a, ou ka lakòz lòt moun trape maladi dat la. Jodya,se ki dat? Se dat nan tout po kò.

Si granmoun lontan pat konnen bonjan renmèd fèy pou yo konbat maladi dat, pètèt jodya prèske tout moun ta soufri maladi dat. Pami renmèd fèy vye granmoun yo konn itilize, nou jwenn : Bwa kanon, bwadòm, kawòt, seleri, chou pome, kòkonm, sitwon, kreson savann, tabak, zèb pyant, fèy dat…

Bwakanon
Nou pran fèy ak tij bwakanon an, nou pile yo pou nou fè yo rann ji a. Se ji sa nou pral itilize pou nou pase sou dat la plizyè fwa nan jounen an.

Bwadòm
Nou melanje kèk ti moso bwadòm ak kèk grenn mi ki tonbe anba pye bwa a. Nou mete yo bouyi pandan demi èdtan nan valè 2 kola dlo. Lè l frèt, nou pase losyon sa a sou dat la plizyè fwa nan jounen an.

Kawòt , Seleri,  Chou pome,  Kòkonm
Lè moun soufwi maladi dat, li dwe bwè ji kawòt souvan. Ou byen li fè ji legim kote li melanje kawòt ak fèy seleri ak fèy chou ak kòkonm. Li kapab manje yo kri tou nan salad.

Sitwon
Pase ji sitwon sou dat la plizyè fwa nan jounen an.

Kreson savann
N ap koupe pye kreson savann lan k ap rann yon gonm. Moun ki gen maladi dat la ap fwiksyonnen pati ki malad la ak gonm lan.

Tabak
Nou pile fèy tabak la jis li rann yon ji. Se ji sa a nou pase sou dat la plizyè fwa nan jounen an.

Zèb pyant
Nou pran rasin zèb pyant la, nou lave l, enpi nou mete l pandan yon kadè nan dlo ki fin bouyi men ki ponkò frèt. Se ak dlo sa nou dwe lave po kò kote dat la leve a.

Dat
Nou pran jèn fèy dat, nou kraze yo byen fen, enpi nou melanje yo byen melanje ak vazlin. Moun ki soufwi maladi dat la, ap pase pomad sa sou dat la maten ak aswè.

Men fèy dat, se kòkenn chenn renmèd,  kont plizyè lòt maladi po tankou : egzema. Fason nou itilize l, nou pran fèy vèt yo, nou pile, enpi ak yo nou ka fwote pati nan po kò a ki malad la. Lòt fason nou ka itilize l ankò, nou ka kraze flè pye dat la, enpi nou fè masaj po kò a ak flè kraze yo. Nou kapab fwote fèy dat la nan dlo ki tyèd, enpi nou ititlize losyon sa a 2 fwa nan jounen an lè moun gen iritasyon po.

Lè yon moun gen gwo doulè nan gòj ou byen lè moun anwe, li ka pile fèy dat li delye yo nan dlo pou li gagarize. Lè yon fanm nouris, li ka fè dite fèy dat pou li bwè. Sa pèmèt li gen plis lèt.

Lè yon moun gen gwo sezisman, ou byen lè yon moun ap nève, eksite toutan, li ka fè yon dite ak 3 fèy dat pou yon tas 3 fwa nan jounen an pandan 2 jou.

Lè yon moun konstipe, li gen difikilte pou li poupou, li ka mete kèk degout ji sitwon nan yon bon dite fèy dat maten bonè, pandan l ponkò manje. Lè w konnen renmèd fèy, ou dwe pataje konesans yo ak lòt moun. Men, si w vle konnen plis renmèd fèy toujou, koute, envite moun koute radyo atlantik

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti.  Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti