Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd fèy kont dyare

RENMÈD FÈY KONT DYARE

Nou ka itilize: grenn zaboka, klou jiwòf, gwayav, boujon monben, rezen, diri, kawòt...

GRENN ZABOKA
Lè w fin graje y, ou vide dlo bouyi cho sou li, ou toufe y, ou koule y, enpi moun ki gen dyare a bwè l pa gwo tas tout jounen.

KLOU JIWÒF
Ou mete kèk klou jiwòf bouyi, enpi moun ki gen dyare a  bwè l tout jounen.

GWAYAV
Moun ki gen dyare a ka byen lave jenn gwayav vèt, enpi l manje yo; ou byen moun lan ka pran kèk fèy ak boujon gwayav, li lave yo, fwote yo, enpi li mete yo sou yon mose pen griye. Lè l fini, li vide bon valè dlo bouyi cho sou li. Moun lan ap bwè tizann sa tout jounen.

BOUJON MONBEN
Lave boujon monben an, mete l bouyi, kite l frèt pou moun ki gen dyare a bwè tout jounen.

DLO DIRI
Pran yon ponyen diri solèy byen lave, mete l bouyi nan valè 2 kola dlo pwòp. Moun ki gen dyare a ap bwè l tout jounen.

REZEN
Pran yon ti moso rasin rezen an pou n mete l bouyi; kite l frèt pou moun ki gen dyare a bwè.

KAWÒT
Pran 6 gwo kawòt, lave yo, rache yo, mete yo bouyi pandan 2 zèdtan nan valè yon kola dlo nan ti dife. Lè l fin bouyi, mete ladan l 2 kola dlo bouyi frèt ak 2 gwo kiyè sik ak 2 gwo grenn disèl; byen melanje yo, enpi moun ki gen dyare a ap bwè l chak jou jouk dyare a koupe.


Konesans sefòm, se richès...

 

 

 

 

 

 

Moso listwa Dayiti