DISPANSÈ KOMINOTÈ
SEFÒMIS REYINI
(D.K.S.R.)
Dispansè St. Michèl Latalay (Lalomas)
B.P. # 184 Kap-Ayisyien Ayiti
Telefòn: 559-5635 / 553-4431 / 553-4838
Sit entènèt: www.atlantikhaiti.com
________________________________________________
REGLEMAN ENTÈN D.K.S.R.
Atik 1 - Dispansè Kominotè Sefòmis Reyini (D.K.S.R.) nan Senmichèl Latalay, se yon enstitisyon sante ki kreye nan dat samdi 11 desanm 2004 nan Lalomas gras ak konkou kowòdinasyon fòmatè SEFÒM.
Atik 2 - Tout travayè sante ki fè abandon pòs nan D.K.S.R. dwe jwenn otorizasyon espesyal nan komite jesyon D.K.S.R. avan yo reyentegre ak lòt kondisyon.
Atik 3 - D.K.S.R. se yon dispansè kominotè; okenn aktivite prive (tankou vant pwodi famasetik, materyèl ak sèvis medikal...) pa otorize ni nan non D.K.S.R. ni andedan D.K.S.R.
Atik 4 - Komite jesyon D.K.S.R. dwe renmèt rapò ekonomik ou byen finansye (tout resèt ak depans) nan dènye samdi chak mwa
Atik 5 - Frè deplasman tout vizitè, tout travayè sante ki abandone pòs yo, pa sou responsablite D.K.S.R.
Atik 6 - Se komite egzekitif kowòdinasyon SEFÒM ki kapab bay tout travayè sante ki te abandone pòs yo, kondisyon reyentegrasyon yo nan D.K.S.R.
Atik 7 - Komite jesyon D.K.S.R. dwe drese rapò regilye sou tout bagay ki pa kòrèk, ak sou tout travayè sante konpòtman yo pa konfòm, selon kòd deyontoloji ak etik medikal la. Enpi Komite egzekitif kowòdinasyon SEFÒM ap pwononse sanksyon apwopriye.
Atik 8 - Pou pèmèt meyè dewoulman aktivite yo nan D.K.S.R. fòk pou pi piti genyen 2 travayè sante ki asire kontinuite swen ak sèvis yo.
Atik 9 - Tout travayè sante ki pa respekte atik ki deja ekri ak lòt ki gen pou ekri, ap resevwa sanksyon nan kowòdinasyon SEFÒM.
|