KOWÒDINASYON FÒMATÈ SEFÒM
DWA AK DEVWA: FÒMATÈ, KOMITE EKZEKITIF KOWÒDINASYON,
AK PATISIPAN SEFÒM
REGLEMAN ENTÈN
DWA AK DEVWA FÒMATÈ SEFÒM
Atik 1- Se sèl sefòmis ki reyisi egzamen final LEKOMÈK, ou byen ki gen omwen sètifika dezyèm etap SEFÒM, ki kapab gen tit fòmatè SEFÒM apati dat 31 jiyè 2004. Sepandan, tout fòmatè ki te deja fòmatè ap konsève tit yo.
Atik 2- Se fòmatè ki patisipe nan dènye seri resiklaj yo ki gen otorizasyon fè fòmasyon onon SEFÒM.
Atik 3- Yon fòmatè kapab pèdi tit fòmatè l, si l genyen konpòtman ki kapab sal imaj SEFÒM lan.
Atik 4- Si yon fòmatè pa fè fòmasyon pandan yon seri fòmasyon, li p ap gen otorizasyon patisipe nan lòt seri resiklaj ki gen pou fèt. Si fòmatè a vle reyentegre, li dwe ekri yon lèt demand omwen yon mwa anvan resiklaj la kòmanse.
Atik 5- Si yon fòmatè gen rezon valab ki anpeche l fè fòmasyon, li dwe ekri komite ekzekitif kowòdinasyon an yon lèt avètisman.
Atik 6- Chak fòmatè ki monte yon baz SEFÒM dwe avèti komite ekzekitif kowòdinasyon an omwen 8 jou avan fòmasyon an tanmen.
Atik 7- Chak manb delegasyon SEFÒM k ap fè deplasman onon SEFÒM, dwe gen mayo sou li, ou byen l dwe gen badj idantifikasyon l.
Atik 8- Chak fòmatè dwe bay adrès, orè, baz SEFÒM lan ap fonksyone.
Atik 9- Yon fòmatè dwe toujou respekte lè li fè fòmasyon.
Atik 10- Si yon fòmatè gen pwoblèm ki anpeche l al fè fòmasyon yon jou, li dwe avèti patisipan baz SEFÒM lan, omwen yon jou alavans, ak yon mesaje menm jou a.
Atik 11- Si yon fòmatè gen pwoblèm ki anpeche l kontinye fè fòmasyon nan yon baz SEFÒM, li dwe chita ak komite ekzekitif kowòdinasyon an, pou n pran yon desizyon apwopriye.
Atik 12- Chak nouvo fòmatè dwe akonpanye yon ansyen fòmatè, si l santi l gen difikilte pou l transmèt konesans yo.
Atik 13- Chak fòmatè dwe enterese tout patisipan yo enskri nan KÈS POPILÈ LESPWA (KEPOL). Si yon patisipan pa manb KEPOL (Enskripsyon ak pa sosyal), li p ap gen otorizasyon enskri nan LEKÒL OKSILYÈ MEDIKAL NAN KATYEMOREN (LEKOMÈK) ki transmèt dezyèm etap fòmasyon nan SEFÒM.
Atik 14- Chak zòn kote baz SEFÒM tabli, enpi ki genyen dlo san difikilte, fòmatè ak patisipan baz sa dwe fè basen pwason ak ankadreman komite ekzekitif kowòdinasyon SEFÒM.
Atik 15- Pou chak egzamen SEFÒM premye etap, ki pral fèt, fòmatè baz la dwe avèti komite ekzekitif kowòdinasyon omwen 8 jou alavans.
Atik 16- Chak fòmatè dwe bay yon kotizasyon 50 goud chak mwa nan kès kowòdinasyon tout fòmatè SEFÒM, denpi nan dat 12 jiyè 2003. Si yon fòmatè pa kotize, l ap pèdi kèk privilèj nan fanmiy SEFÒM lan ak nan dispansè a.
Atik 17- Chak sefòmis ki gen sètifika SEFÒM dezyèm etap, dwe bay yon kotizasyon 50 goud chak mwa nan kès kowòdinasyon tout fòmatè SEFÒM, denpi nan dat 31 jiyè 2004, pou garanti privilèj yo nan dispansè a.
Atik 18- Chak sefòmis ki swete gen tit fòmatè pou premye fwa, dwe ekri yon lèt demand bay komite ekzekitif kowòdinasyon an, omwen yon mwa avan resiklaj la kòmanse, enpi l dwe suiv yon seri fòmasyon espesyal pandan omwen 2 mwa.
Atik 19- Chak fòmatè k ap fè fòmasyon, dwe gen badj idantifikasyon l, liv fòmatè l, ak yon kopi Regleman entèn SEFÒM.
Atik 20- Chak 10 lane sèvis yon fòmatè, komite ekzekitif kowòdinasyon SEFÒM anplas la dwe renmèt fòmatè sa yon sètifika onè emerit.
Atik 21- Tout fòmatè k ap fè fòmasyon, enpi ki deja fè 2 seri fòmasyon, kapab mande koreksyon nan sètifika dezyèm etap yo nan direksyon dispansè a. Koreksyon an ap pote sou dire fòmasyon an ak tit sefòmis la ki figire nan sètifika a.
Atik 22- Se sèl fòmatè k ap fè fòmasyon, ki gen privilèj fè prestasyon nan dispansè a.
Atik 23- Fòmatè chak baz SEFÒM dwe mete tout patisipan yo okouran tout atik regleman entèn SEFÒM. Enpi, fòmatè yo dwe toujou gen yon kopi Regleman entèn SEFÒM, lè yo deplase nan delegasyon onon SEFÒM.
Fòmatè SEFÒM, fòme lòt moun pou SÈTIFIKA SEFÒM ki nan men w lan gen plis valè... Fòmatè SEFÒM, nou p ap kanpe nan wout, paske n ponkò rive... Chak fòmatè SEFÒM, se limyè ...
DWA AK DEVWA KOMITE EKZEKITIF KOWÒDINASYON SEFÒM
Atik 24- Komite ekzekitif kowòdinasyon an resevwa yon kotizasyon 750 goud nan Dispansè doktè W. Polikap chak semèn, kòm frè patisipasyon nan tout depans kowòdinasyon an gen pou fè, pou pèmèt fonksyònman SEFÒM lan.
Atik 25- Chak dènye madi nan chak mwa, gen seminè fòmasyon pou kowòdonatè SEFÒM nan biwo SEFÒM galman dipla katyemoren apati 3 zè nan apremidi.
Atik 26- Nan premye rankont chak baz SEFÒM k ap louvri, dwe toujou gen yon delegasyon kowòdonatè prezan.
Atik 27- Kowòdonatè yo dwe sipèvize, vizite baz SEFÒM yo regilyèman.
Atik 28- Chak seri fòmasyon SEFÒM kòmanse nan dat dènye resiklaj pou fòmatè, enpi l fini nan dat komite ekzekitif kowòdinasyon an fikse. Dat finisman chak seri fòmasyon ap kominike bay fòmatè yo nan lèt ak nan radyo.
Atik 29- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe òganize joune rekreyativ, joune fòmasyon ak refleksyon pou fòmatè SEFÒM omwen 2 fwa chak lane.
Atik 30- Chak lane, komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe nome plizyè komisyon pami fòmatè yo, tankou: komisyon egzamen, komisyon restorasyon, komisyon sante, komisyon dekorasyon, komisyon jesyon, ak lòt ankò...
Atik 31- Chak madi apati 3 zè nan apremidi, nan biwo SEFÒM, ki nan dispansè doktè W. Polikap, galman dipla katyemoren, komite ekzekitif kowòdinasyon an reyini tout kowòdonatè yo pou diskite sou zafè SEFÒM, enpi l kapab resevwa envite tou.
Atik 32- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe pwopoze yon bidjè fonksyònman chak lane.
Atik 33- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe òganize asanble jeneral fòmatè chak lane pou bay rapò Sekretarya ak rapò Trezò-Administrasyon.
Atik 34- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe toujou prevwa yon koral SEFÒM, yon fanfa SEFÒM, plizyè lekòl primè, ak dispansè SEFÒM nan bidjè fonksyònman l.
Atik 35- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe prepare ti fasikil renmèd fèy pou gaye konesans sou renmèd fèy nan mitan popilasyon an.
Atik 36- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe òganize reveyon SEFÒM chak lane, nan dènye semèn mwa desanm.
Atik 37- Chak dènye samdi mwa septanm, kowòdinasyon an dwe òganize konkou dans, konkou poezi ak lòt.
Atik 38- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe mete kanpe komisyon espesyal fòmatè, pou SEFÒM lan blayi nan omwen tout 19 komin depatman nò a, nan chak seri fòmasyon.
Kowòdonatè SEFÒM ki gen sans responsablite, se Boujon amelyorasyon kondisyon sante popilasyon an...
DWA AK DEVWA PATISIPAN SEFÒM
Atik 39- Sefòmis, patisipan SEFÒM, se tout moun ki resevwa fòmasyon nan SEFÒM
Atik 40- Si yon patisipan Sefòm gen konpòtman ki kapab sal imaj Sefòm lan, fòmatè baz la kapab sanksyone l. Si patisipan an pa nan baz Sefòm, komite ekzekitif kowòdinasyon an, ansanm ak direksyon dispansè a kapab adòpte divès sanksyon kont patisipan sa.
Atik 41- Okenn patisipan pa gen otorizasyon devlope kontak dirèk ak komite ekzekitif kowòdinasyon an, pandan fòmasyon l, si l pa pase pa fòmatè baz la.
Atik 42- Chak baz SEFÒM dwe gen yon komite ki gen pou pi piti 5 patisipan, pou pi plis 11 moun. Si gen plis pase 5 patisipan nan komite lokal SEFÒM lan, pòs yo kapab double. Wòl manb yo nan komite lokal la, se: Animatè, Sekretè, Trezorye, Delege, Konseye.
Atik 43- Tout komite lokal yo reyini nan yon gran Federasyon komite lokal SEFÒM.
Atik 44- Tout ansyen manb komite lokal, toujou gen dwa patisipe aktivman nan nouvo komite lokal menm baz SEFÒM zòn lan.
Atik 45- Chak komite lokal SEFÒM dwe pran angajman ranmase regilyèman, enfòmasyon sou pwoblèm sante popilasyon an nan zòn lan, enpi komite a dwe transmèt enfòmasyon sayo bay komite ekzekitif kowòdinasyon an nan kolaborasyon ak fòmatè baz la.
Atik 46- Pou patisipan Sefòm gen dwa resevwa SÈTIFIKA PATISIPASYON SEFÒM, li dwe reyisi tout 5 egzamen yo ak yon mwayèn omwen 10 sou 20 pou chak egzamen.
Atik 47- Patisipan Sefòm ki pa reyisi ou byen ki pa t konpoze nan 2 egzamen, gen dwa konpoze nan 2 egzamen sayo nan seri egzamen ratrapaj.
Atik 48- Tout fèy egzamen ki pa idantifye, konsidere kòm anile.
Atik 49- Tout patisipan k ap kopye nan egzamen, fèy li ap anile
Atik 50- Dire egzamen nan premye etap Sefòm kalkile selon nivo fòmasyon patisipan yo.
Atik 51- Chak patisipan dwe bay 10 goud kòm frè enskripsyon nan Sefòm.
Atik 52- Fòmasyon nan Sefòm fèt gratis
Atik 53- Chak patisipan nan premye etap tankou nan LEKOMÈK dwe bay 10 goud pou chak egzamen, kòm frè egzamen.
Atik 54- Patisipan premye etap, tankou nan egzamen final LEKOMÈK, ki pa reyisi nan yon egzamen ekri, ap bay yon frè 25 goud pou chak egzamen ratrapaj.
Atik 55- Patisipan ki pa t konpoze nan yon egzamen, l ap bay yon frè 35 goud pou chak egzamen ratrapaj.
Atik 56- Tout frè patisipan yo kotize pou enskripsyon, pou egzamen, ap pase pa fòmatè baz Sefòm lan, pou l abouti nan kès komite ekzekitif kowòdinasyon SEFÒM.
Atik 57- Chak patisipan ki gen SÈTIFIKA PATISIPASYON SEFÒM, dwe reyisi egzamen oral SEFÒM, ki bay li dwa enskri pou resevwa fòmasyon nan LEKOMÈK.
Atik 58- Si yon baz SEFÒM gen pou pi piti 30 patisipan, 3 patisipan yo ki loreya sou total 5 egzamen yo san ratrapaj, yo pa p pase egzamen oral, kivledi yo gen otorizasyon dofis pou yo enskri nan LEKOMÈK.
Atik 59- Si yon baz SEFÒM gen ant 20 ak 29 patisipan, 2 patisipan loreya sou total 5 egzamen yo, san ratrapaj, yo kalifye pou enskri nan LEKOMÈK san yo pa pase egzamen oral.
Atik 60- Si yon baz SEFÒM gen ant 10 ak 19 patisipan, patisipan an ki loreya sou total 5 egzamen yo, kalifye pou l enskri nan LEKOMÈK, san l pa pase egzamen oral.
Atik 61- Chak patisipan Sefòm dwe enskri nan KÈS POPILÈ LESPWA (KEPOL). Se sèl patisipan manb KEPOL, ki peye frè enskripsyon ak pa sosyal li nan KEPOL, ki kapab enskri nan LEKOMÈK.
Atik 62- Regleman entèn sa kapab amande, konplete, selon sikonstans.
SEFÒM SE POU WOU, SEFÒM SE POU MWEN, SEFÒM SE POU NOU TOUT.......
Patisipan jodi, Fòmatè demen.., Kowòdonatè apre-demen..., se Lespwa.....
Novanm 2004 - Komite Ekzekitif Kowòdinasyon SEFÒM
|