Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prensip ak teknik fòmasyon nan SEFOM

PRENSIP AK TEKNIK FÒMASYON NAN SEFÒM

- Ponktyalite: lapli pa lapli, toujou respekte randevou sefòm
- Evite repete ni ekri mo ki soti nan lòt lang pandan fòmasyon an
- Fòmatè sefòm pa dwe kontante yo li tèks ak sijè refleksyon yo sèlman. Preparasyon yo dwe fèt davans.
- Prepare yon entwodiksyon ou byen yon ti kòmantè tout kout sou tèks la.
- Evite kòlòk kivledi diskisyon ou byen kesyon-repons ak yon sèl ou byen yon ti qwoup patisipan; evite kesyon pyèj: ranvwaye kesyon difisil ou byen tout kesyon ki pa konsènen tèks la pou lè sa nesesè
- Prepare yon òd dijou pou premye rankont la konsa:

           . Pawoli pou kòmanse ak yon entwodiksyon sou sefòm.

           . Prezantasyon fòmatè ak delegasyon kòdinasyon sefòm.

           . Prezantasyon patisipan yo.

           . Kisa SEFÒM-DDWP vledi, ak wòl li nan kominote a, denpi lane 1994.

           . Fonksyònman sefòm: jou, lè, lokal.

           . Dire fòmasyon an: ki depann de ritm fòmasyon an. Men gen yon fòmil fòmasyon akselere nan DDWP pou gwoup òganize ki genyen omwen 50 moun.

           . Presip ak disiplin sefòm.

           . Kòman kou ak egzamen sefòm yo ap dewoule.

           . Ranpli fòmilè enskripsyon (nimewo chak fòmilè ak kòmanse ak nimewo idantifikasyon fòmatè a, ki suiv ak nimewo lòd enskripsyon chak patisipan).

           . Yon foto pou fich idantifikasyon.

           . Fòmasyon yon komite lokal sefòm ki gen ant 7 ak 11 patisipan ladan   
             (kòdonatè, animatè, trezorye, delege, sekretè, konseye, responsab disiplin). Posiblite pou 2 patisipan jwe menm wòl la.

           . Enterè jeneral: kesyon - repons ak deba.

Chema yon jounen fòmasyon: Pou chak tèks: Definisyon - Etyoloji - Siy ak sentòm - Prekosyon - Rezime brèf - Evite kesyon pyèj - Prevwa kesyon previzib - Evalyasyon (teknik anime) - Fè yon patisipan li sijè refleksyon - Kòmantè ak deba sou sijè refleksyon, san nou pa enpoze patisipan yo okenn lide.

 

 

 

Moso listwa Dayiti