Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Obezite

Obezite
Maladi Obezite (ou byen maladi moun twò gwo), pi souvan touche moun nan peyi kote ki gen yon lòt fòm malnitrisyon nou ka rele manje twòp, manje ki pa byen balanse.

Kisa Maladi Obezite Vledi?
Se yon ogmantasyon kantite grès nan kò a. Gendefwa, malad obèz la konn panse se twòp dlo ak gaz ki nan kò l. Se pa dlo ak gaz, se twòp grès.

Nan ki pati nan kò a nou jwenn twòp grès la?
Gendefwa se andedan tout kò a grès la chita, men, kèk lè, sitou lakay fanm, grès la plis chita nan anch, kuis, fès. Lè grès la plis twouve l nan anch, kuis ak fès konsa, swa lakay fanm, swa lakay gason, yo rele fòm Obezite sa a: Obezite Jinoyid.
Men kèk lè, nou remake, sitou lakay gason, pati manb enferyè yo chèch, enpi, grès la plis chita nan pati siperyè kò a tankou nan vant, nan kou. Yo rele fòm Obezite sa a : Obezite Androyid.

Nan ki sikonstans nou ka konsidere yon moun soufri maladi Obezite?
Chak moun gen yon Pwa Ideyal, kivledi yon pèz ki pèmèt li viv pi lontan selon laj, sèks ak tay li. Denpi yon moun gen yon pèz ki pi plis pase pwa ideyal li, nou ka konsidere li soufri  maladi obezite.

Ki konsekans maladi Obezite ka genyen sou kò moun?
Moun ki soufri maladi Obezite  pi souvan soufri maladi dyabèt pase tout lòt moun yo ; lè gen anpil grès nan kò a, sa ka lakòz maladi anpil grès nan san, nan kè ak nan veso sangen yo, maladi Ipètansyon Ateryèl, maladi Lityaz, kiivledi Wòch nan fwa ak nan vesikil Bilyè…

Moun ki soufri maladi obezite, souvan yo gen difikilte pou yo respire, yo anlè fasil, yo konn gen anpil pwèl ki leve sou kò yo, gendefwa yo konn pa gen règ regilye si se fanm, enpi yo konn pi difisil pou yo ansent ; Gen fanm ki konn pa ka fè pitit akòz maladi Obezite li soufri.

Lè moun obèz, li konn gen pwoblèm nan atikilasyon manb enferyè yo, venn yo konn dilate jis li soufri maladi Varis ; moun sa souvan fè enfeksyon po akòz po kò a fè pli, li pa jwenn lè, li manke respire byen. Lè yon moun obèz pra l fè operasyon, gen anpil tèt chaje paske akòz kantite grès li gen nan kò  l, travayè sante blije bay li plis Anèstezi (kivledi renmèd pou andòmi l). Menm jan tou, apre operasyon, moun obèz yo konn bay plis pwoblèm pou yo revni.

Kisa ki ka lakóz yon moun soufri maladi Obezite?
Nan kèk ka, se nan ras maladi a transmèt; nan kèk lòt ka, se yon pwoblèm òmo n. Men pi souvan,  se paske moun lan manje twòp manje ki pèmèt kò a sere anpil grès, enpi moun sa pa gen anpil aktivite.

Gen plizyè sikonstans nan lavi fanm ki pèmèt fanm lan vin obèz.
Lè fanm lan fè menopoz, lè li fè planin grenn, bouch li vin pi dou, li gen plis apeti, li manje plis, sa ka lakòz li vin obèz. Lè fanm lan ansent tou, li manje plis, sa lakòz li vin obèz.

Prekosyon kont Obezite
Gen plizyè renmèd travayè sante ka prèskri moun ki soufri maladi obezite. Men, travayè sante pa konseye moun ki obèz pran medikaman pou fè yo pèdi dlo nan kò yo, paske se pa twòp dlo nan kò a ki fè moun vin obèz.

Moun ki obèz pa dwe manje twòp bagay ki ka fè moun gwosi, tankou grès, vyann, sik ak manje ki ka tounen sik andedan kò a ; moun obèz pa dwe ap manje tanzantan ; moun obèz dwe egzèsis kò a plizyè fwa nan jounen an, sa ka fonn yon pati nan grès anplis la.

Lakay granmoun, maladi obezite pi fasil pou amelyore pase lakay timoun ki obèz, paske timoun yo souvan  pa aksèpte yo diminye nan manje yo. Se pousa, paran yo dwe evite bay timoun yo renmèd pou fè yo gwosi, si se pa òdonans travayè sante, dekwa pou ti moun yo pa obèz denpi yo piti.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti