Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Menopoz

Menopoz
Menopoz, se pa yon maladi, se yon etap nan lavi tout fanm nòmal.

Ki sa menopoz vle di ?
Menopoz vledi, dènye règ, fanm lan p ap fleri ankò, li pa ka fè pitit nòmalman ankò

Nan ki laj fanm fè menopoz?
Se ant laj 45 ak 55 lane, fanm fè menopoz. Men gen fanm ki konn pèdi règ yo byen bonè anvan laj 40 lane. Lè l pėdi rėg li bonė, nou rele sa menopoz prekòs. Gwosès pa aji sou laj fanm lan ka fè menopoz ; planin grenn pa aji sou laj fanm ka fè menopoz. Men si yon fanm fimen, tabak ka fè fanm fè menopoz pi bonè pase laj li ta dwe pèdi règ li.

Ki siy ak ki sentom ki ka fè nou sispèk fanm lan fè menopoz ? Ou byen ki konsekans menopoz la genyen sou kò ak lėspri fanm lan ?
Denpi soti 2 pou rive 4 lane anvan menopoz la, fanm lan pa gen règ li regilye tankou sa abitye fèt. Fanm lan konn rete, li cho tankou se moun ki gen la fyèv (men se pa la fyèv), li sye anpil, enpi li vin santi frèt. Pèz fanm lan ogmante, enpi li gen plizyè ti pwoblèm tankou fatig, depresyon, li pa dòmi byen, li fè move san fasil.

Vajen fanm lan konn vin pi mens, li souvan gen vajen grate, ti enfeksyon nan vajen ak doulè nan vajen lè li nan relasyon seksyèl. Po fanm lan vin pi mens, enpi zo yo vin pi frajil, yo kase fasil paske yo manke kalsyòm. Yo rele maladi zo frajil sa  a: òsteyopowoz.

Maladi òsteyopowoz la pi souvan touche fanm ras blanch. Se yon maladi ereditè moun pran nan ras. Moun souvan trape òsteyopowoz la lè l chèch, li pa manje  manje ki gen kalsyòm.

Fanm ki pa fè pitit, ki pa gen aktivite, enpi ki bwè anpil kafe, alkòl, ki fimen, ki manje vyann anpil, fanm sa yo pi souvan soufri maladi òsteyopowoz. Gen kèk renmèd ki konn lakòz maladi òsteyopowoz la parèt.

Pwekosyon kont konsekans menopoz la.
Anplis renmèd travayè sante bay fanm ki fè menopoz la, fanm lan dwe fè egzèsis pa rete chita, kouche tout jounen, li dwe manje manje ki gen anpil kalsyòm tankou: bwè lèt, manje fwomaj, yawout, zannanna, pwa, chou, zepina, fèy navèt, rezen sèk...

Fanm lan pa dwe fimen, ni pran tabak, ni bwè kafe, alkòl, ni li pa dwe manje twòp vyann. Enpi, menm si menopoz se pa yon maladi, nou dwe konnen l, dekwa pou nou evite konsekans menopoz yo. Lè nou konnen, enpi lè nou transmèt konesans yo, se patisipasyon nou nan fè maladi ak inyorans rekile. Lè maladi ak inyorans rekile, se pwoteksyon pou wou menm, pou fanmiy ou, ak pou tout kominote a.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti