Kisa ki ka lakòz malozye lakay ti bebe ki fenk fèt?
Konjonktivit neyonatal, kivledi maladi malozye lakay ti bebe ki fenk fėt, se yon enfeksyon ak yon mikwòb. Pi souvan, ti bebe a trape mikwòb la nan zye pandan li nan pasay manman l. Savledi, manman an te deja gen mikwòb la nan kò fanm li. Mikwòb sa konn bay fanm tankou gason maladi grenn chalè, ou byen ekoulman ou byen blenoraji.
Ki siy ki ka pèmèt nou sispèk ti bebe soufwi malozye?
Zye ti bebe a konn rete kole, li pa louvwi, zye l wouj, enpi ka gen ti pij jòn pwès k ap parèt nan zye a. Gendefwa zye yo konn anfle, enpi ti bebe a ka gen ti fyèv.
Prekosyon kont malozye lakay ti bebe ki fenk fèt?
Fanm ansent dwe konsilte pou travayè sante chèche konnen si li fè enfeksyon, nan kò fanm li. Si li fè enfeksyon, li menm ak tout mari li dwe pran trètman, paske, pi souvan enfeksyon sayo se maladi atrapan.
Lè ti bebe a fenk fèt, travayè sante nan dispansè ak lopital toujou mete yon ti degout renmèd nan chak zye tout ti bebe pou pwoteje zye ti bebe yo kont maladi malozye. Si kote akouchman an fèt pa gen travayè sante, nou ka pran ji yon sitwon fre, enpi nou mete yon ti degout ji sitwon nan zye ti bebe a. Ji sitwon se yon bonjan prekosyon kont malozye lakay ti bebe ki fenk fèt.
Si w remake siy malozye nan zye ti bebe a, mennen l konsilte. Si se nan yon sèl zye malozye a devlope, nou dwe toujou mete remèd nan toulede zye yo, paske lè ti bebe a ap fwote zye l, men l pote mikwòb la nan toulede zye yo…
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|