Maladi Tifoyid
Tifoyid, se yon maladi ki fè anpil maman pitit mete dlo nan je, se yon maladi ki ka touye moun, ki ka fè moun kokobe. Tifoyid, se yon malaadi nou souvan rankontre nan peyi nou.
Maladi Tifoyid la, se yon enfeksyon nou jwenn sitou kote ki pa gen bonjan lijyèn. Enfeksyon an, se mikwòb maladi a moun nan vale, respire, ou byen ki rantre andedan kò a, enpi mikwòb la kale anpil pitit nan trip la, yo rantre nan san, pou yo gaye andedan tout kò moun lan.
Lè moun soufwi maladi tifoyid, li poupou mikwòb maladi a ; nou konn jwenn mikwòb la nan pipi, nan krache, nan bouton absè moun lan. Mikwòb la ka rete vivan nan dlo, nan glas, nan pousyè, nan manje…
Kijan moun ka trape mikwòb maladi tifoyid?
Pi souvan, se nan bouch mikwòb maladi a rantre. Si yon moun ki soufwi maladi tifoyid ale poupou yon kote nan raje ou byen nan latrin ki pa kouvri, lè sa mouch vin poze sou poupou a, enpi pat mouch la ranmase mikwòb la. Lè mouch sa vin poze nan bagay w ap manje, ou byen si l vin poze sou men w, enpi w mete men w nan bouch ou, lè sa mikwòb la tou rantre nan kò w. Menm jan tou, ravèt, rat, ki pase nan latrin kapab pote mikwòb maladi a.
Lè moun ki soufwi maladi tifoyid poupou, si pandan l ap siye dèyè l men l sal ak ti kras poupou, si moun sa ba w lanmen, si li pran yon gode ou byen yon vè pou ba w dlo, si moun sa pran yon manje ak men l pou l mete l nan bouch ou, enben w tou trape mikwòb maladi ki te nan poupou a. Si men moun sa kenbe kòd yon syo pou tire dlo, li ka lakòz plizyè moun trape mikwòb maladi tifoyid la k ap tonbe nan pi a. Kivledi, moun ki soufwi maladi ki kite men l sa l ak poupou l, menm moun sa kapab bay tèt li mikwòb sa ankò. Yo toujou di, lanmè pa sere kras. Lè moun ki soufwi maladi tifoyid poupou nan lanmè, nan larivyè, sirik ak pwason manje poupou a, ou byen poupou a rantre nan zuit ki arebò lanmè a. Si w manje zuit kri, si w manje sirik ak pwason ki pa byen kuit, ou ka trape mikwòb la.
Lè poupou ki gen mikwòb tifoyid la sèch atè, van simaye lapousyè poupou a byen lwen sou manje ki pa kouvri, sou frui tankou fig mi, zoranj dous, mang, kann ak sou tout lòt bagay moun ap vann nan mache, nan bak machann. Si w rèspire la pousyè poupou a, si w manje bagay ki sa l ak pousyè poupou a, ou ka trape mikwòb tifoyid la.
Lè moun ki gen mikwòb tifoyid la al poupou nan raje, bèt nouris ka manje zèb sal la ; lè sa, mikwòb la rantre nan vant vach la, enpi li pase nan lèt vach la. Si w bwè lèt sa san li pa byen bouyi, ou ka trape mikwòb maladi a.
Moun ki soufwi maladi tifoyid konn vomi mikwòb la. Si vomisman an rantre nan bouch ou, ou ka trape maladi a. Larim ak tous moun ki soufwi maladi tifoyid konn transmèt mikwòb maladi a. Lè mikwòb maladi tifoyid la rantre sou moun, li pran yon bon titan, prèske yon senmenn, l ap kale pitit andedan kò a, anvan li kòmanse manifèste.
Ki siy ak ki sentom ki ka pèmèt nou sispèk yon moun soufwi maladi tifoyid?
Nan premye senmenn maladi a, moun lan gen gwo lafyèv yo rele lafyèv tifoyid, tèt fè mal, kò fè mal, bouch pa dou, anvi dòmi lajounen tankou lannwit, kòkraz, malalèz ; moun lan konn konstipe kivledi difisil pou l watè, ou byen li konn gen dyare, vomisman tous, epistaksis, kivledi nen senyen…
Nan dezyèm senmenn maladi tifoyid la, enfeksyon an vin pi rèd ak gwo vant fè mal, latranblad, moun lan ap depale, jis yo di l gen zonbi ou byen movezèspwi, li gen gwo dyare ak san nan poupou a…
Obout twazyèm senmenn maladi a si kò moun lan gen anpil rezistans, lafyèv la ap diminye, men mikwòb maladi a toujou nan trip li. Gendefwa, kèk moun ki soufwi maladi tifoyid konn gen anpil ti bouton ki leve sou kò yo. Lè mikwòb maladi tifoyid la kale pitit andedan trip la konsa, sa lakòz trip la vin fen jis li ka pete ; lè sa moun lan ap pèdi san andedan vant, li fè emoraji. Pafwa, mikwòb tifoyid la konn rive nan zo, nan tout venn kò a jis li rive nan tèt malad la…
Ki pwekosyon moun ka pran kont maladi tifoyid?
Lè mikwòb maladi a rantre sou nou, nou dwe jwenn mwayen touye l pou n anpeche l touye nou. Lè sa, se travayè sante ki pra l bay nou renmèd ak pwekosyon nan fason n ap sèvi. Pwekosyon yo, se pou n pa trape maladi a, ou byen pou n vin gaya si n te gentan trape mikwòb maladi a.
Si w soufwi maladi tifoyid, pa manje gwo manje dekwa pou trip la ki vin fen pa pete, bwè dlo bouyi paske nan dlo kri ka gen mikwòb plizyè maladi ; menm glas ki fèt ak dlo kri ka transmèt mikwòb la, ou pa dwe bwè l. Pa bwè lèt bèf ki ka gen mikwòb la pou w pa gen plis dyare ; pa poupou atè nan raje na nan dlo. Latrin yo dwe rete kouvri ; nou dwe konbat mouch, ravèt rat. Lè n sot nan latrin, nou dwe savonnen, lave men nou. Kouvri manje yo ak nap, pa manje, fruii ak legim san lave, toujou lave men nou anvan nou manje, pa bwè zuiit kri, pa lage plòt krache atè, lè w ap touse, mete men w douvan bouch ou enpi lave men w, pa vomi atè, ou byen si w gentan vomi atè ou dwe kouvri l.
Denpi w santi lafyèv, ou dwe al konsilte. Enpi, pa janm bliye ti konsèy la: Pou maladi rekile se wou menm ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou ak tout kominote a.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|