Maladi Tibèkiloz
Gen plizyè ti emisyon ki fèt nan radyo sou maladi Tibèkiloz. Emisyon sa yo, gendefwa se pou gwo save ki deja konnen, gendefwa nou pa menm konprann mesaj ki pase a. Enpi pa gen okenn evalyasyon pou konnen ki rezilta emisyon sayo sou popiilasyon an. Pou yon maladi tankou tibèkiloz, enfòmasyon yo dwe klè, enpi yo dwe adapte sitou pou moun yo maladi a kapab plis touche a. Nou pa dwe bliye, maladi tibèkiloz la se yon maladi nou jwenn pi souvan nan katye pòv, lakay malere kote plizyè moun ap viv nan yon ti chanm kay. Maladi sa atake timoun tankou granmoun. Se yon maladi atrapan, yo konn rele l maladi ti kay, maladi pwatrinè, maladi TB.
Kisa maladi tibèkiloz la ye?
Se yon enfeksyon kivledi yon mikwòb ki rantre nan kò nou, enpi l ap kale anpil pitit. Mikwòb, se ti bèt toupiti zye paka wè san aparèy. Mikwòb tibèkiloz la, lè l rantre nan kò nou , li pi renmen kale pitit nan poumon (nan pwatrin) nou.
Ēske se nan poumon sèlman moun ka trape maladi tibèkiloz?
Lè mikwòb la gaye andedan nou, li kapab ale nan san, nan trip,nan fwa, nan ren, nan vesi, kivledi blad pipi, nan zo ak nan po kò a, nan sèks (kivledi kò gason ou byen kò fanm) moun lan. Konsa, moun ka soufri maladi tibèkiloz, li pa janm touse, se selon si se maladi tibèkiloz nan trip li fè ou byen maladi tibèkiloz nan lòt kote nan kò a ki pa nan poumon. Men, maladi tibèkiloz nan poumon, se fòm maladi tibėkiloz nou pi souvan rankontre pase tout lòt fòm maladi tibèkiloz yo.
Kijan moun ka trape jèm ou byen mikwòb maladi tibèkiloz la?
Pi souvan se nan bouch ak twou nen jèm maladi a rantre sou nou. Lè moun ki gen jèm tibèkiloz la nan pwatrin li touse san li pa mete men l douvan bouch li, van pran krache ki plen mikwòb la pou li pote mikwòb la nan twou nen ou byen nan bouch yonn oswa plizyè lòt moun ki tou trape mikwòb tibèkiloz la.
Alòs, ou konprann, lè yon moun soufri maladi tibèkiloz nan poumon ap touse andedan yon ti kay plen moun, ou byen nan kamyonèt, otobis, ou byen nan lari, ki gwo pwoblèm sa ka lakòz pou yon kominote.
Si moun ki gen jèm maladi tibèkiloz nan poumon l mete men l douvan bouch li lè l ap touse, sa byen. Men, si menm moun sa ba w lanmen, enpi w pa lave men w anvan w pran yon mouchwa pou w mouche, ou byen pou siye figi w, enben ou tou trape mikwòb tibèkiloz la. Si moun ki gen jèm maladi a nan poumon l, rale larim enpi li krache atè, lè krache sa chèch, van lapousyè pra l leve l pou ale pote lamizè a bay tout moun ki rèspire pousyè a.
Nan ki sikonstans maladi tibèkiloz la deklare lakay moun ki gen kontak ak mikwòb la ?
Si w te pran bonjan vaksen kont mikwòb tibèkiloz la, ou gen chans pa trape maladi a, menm si mikwòb la rive rantre sou wou, paske vaksen an se pwoteksyon. Men, si defans kò w febli, menm si w te vaksinen, maladi tibèkiloz la
kapab deklare w. si jèm lan rantre sou wou. Lè mikwòb la rantre nan kò nou, sa
pran kèk semenn, pandan jèm lan ap kale pitit nan poumon an, anvan siy maladi a kòmanse parèt.
Kijan maladi tibèkiloz nan poumon an parèt?
Moun ki soufri maladi tibèkiloz nan poumon, ap touse san rete, lajounen tankoiu lannuit. Nan kòmansman, tous la pa bay larim ; apre kèk semenn larim lan vin jòn pwès ou byen vèt.
Enpi lè l touse li rale san nan larim lan. Moun sa gen gwo lafyèv janmen bese, bouch pa dou, kò kraz, cheve l vin swa. Gendefwa, moun ki soufri maladi tibèkiloz la konn gen ti boul leve akote kou ou byen dèyè zòrèy li, li konn gen rèspirasyon kout, li anlè, zye l, zong li, plat men l ak plat pye l blanch tankou moun ki manke san.
Lè maladi tibèkiloz la prèske genyen malad la, ou ka tande larim lan ap rele sou lètomak li, enpi nenpòt ti efò fè l touse yon tous ki bay plis san pase larim.
Gendefwa, emoraji sa a ka lakòz malad la pèdi lavi l.
Kijan malad la ka konbat maladi tibèkiloz la?
Denpi yon moun ap touse san rete pandan plis pase 2 senmenn, se pou li chèche chimen dispansè ou byen lopital dekwa pou l jwenn renmèd. Konnyè a gen bonjan renmèd kont jèm maladi tibèkiloz la. Trètman an pran anpil tan, men se pasyans nan suiv konsèy travayè sante ak pran renmèd san negligans, san dekourage, malad la ka rive konbat enpi ranpòte laviktwa sou maladi a. Lè moun ki malad la ap suiv trètman, li dwe manje anpil. Nan manje a, dwe toujou gen fèy tankou : zepina, lyann panye, kreson, zèb zegiy, lanman laye, li dwe manje ze, vyann ; li pa dwe fè gwo travay, pou l ka repoze kò l. Nan tan lontan, jèm maladi tibèkiloz te fè anpil ravaj nan mitan fanmiy yo paske moun pat konnen ki prekosyon pou yo pran.
Ki pwekosyon nou ka pran kont sikilasyon mikwòb maladi tibèkiloz la?
Moun ki soufri maladi tibèkiloz nan poumon, dwe mete men l douvan bouch li lè l ap touse, apre sa li dwe lave men l souvan. Lè moun ki gen jèm maladi a nan pwatrin li touse, lè l rale larim lan, se pou li fouye yon twou pou mete l enpi li dwe kouvri l. Lontan, fanmiy yo te konn fè ti kay apa ou byen dekoupe kay la pou rezève yon ti chanm pou moun malad la ak tout bagay pou li sèvi. Se konsa tou leta te konn mete malad k ap swaye pou maladi tibèkiloz yon kote èspesyal yo rele sanatoyòm. Konnyè a, li pa nesesè pou mete malad la nan ti kay apa, sa ki pi enpòtan se kòmanse trètman an rapid enpi rapousib trètman an san neglijans.
Tout moum ki lakay la dwe ale konsilte, pou travayè sante chèche konnen si yo pa gentan trape mikwòb la, dekwa pou yo menm tou jwenn trètman ak pwoteksyon. Enpi, ministè sante piblik dwe kontinye mennen bonjan kanpay vaksinasyon kont mikwòb maladi tibèkiloz la dekwa pou malere pa gen plis lamizè…
Men, pa bliye ti konsèy radyo atlantik la : Pou maladi rekile, se wou menm ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou, ak tout kominote a.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|