Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Maladi Tansyon

Maladi Tansyon
Maladi Tansyon touche pi souvan granmoun, gason tankou fanm. Men, ki sa maladi tansyon vledi ? enpi ki sa ki ka lakòz moun soufri maladi tansyon?.

Kisa maladi tansyon vledi?
N ap konsidere kè chak moun tankou yon motè ou byen yon ponp k ap mache san rete, l ap travay toutan, l ap rale san nan tout kò a, pou li ponpe menm san an retounen ankò nan tout pati kò a bezwen san. Fòs ponp la, ou byen fòs kè a itilize pou l rale enpi ponpe san an, se li yo rele Tansyon.

Moun soufri maladi tansyon, se lè kè a fè twòp fòs pou li ponpe san an ou byen, fòs kè a fè pou li ponpe san an twò piti. Lè fòs kè a twòp, moun lan soufri maladi ipètansyon (kivledi maladi tansyon twò wo) ; lè fòs kè a twò piti, moun lan soufri maladi ipotansyon (kivledi maladi tansyon twò ba) . Lè fòs kè a pa twò wo, ni li pa twò ba, savledi fòs kė a nòmal, moun lan gen tansyon nòmal, li pa soufri maladi tansyon.

Kisa ki ka lakòz moun soufri maladi tansyon twò wo?
Gendefwa se lòt maladi nan tèt, nan ren, nan kè ak nan tiyo san yo ki tache nan kè a ki lakòz moun soufri maladi tansyon.
Nan lòt ka, se zansèt yo ki transmèt maladi tansyon an nan ras la. Lòt fason moun ka trape maladi tansyon twò wo ankò, se lè moun lan manje twòp disèl, lè li manje twòp li vin twò gwo, ou byen si moun lan nève gen kè sote toutan, si li gen twòp aktivite…

Kisa ki ka lakòz moun soufri maladi tansyon twò ba?
Si yon moun malad nan ren, nan tèt, nan kè ak nan tiyo san ki tache nan kè a, si moun lan fè emoraji (l ap pèdi san), si li fè gwo enfeksyon, si li pa jwenn kont lè pou li respire, li pa ka rale souf, si li fè alèji (kivledi, kò a pa dakò ak yon manje li manje, yon renmèd li pran, yon bagay li sèvi ak li), nan tout ka sayo moun lan ka vin soufri maladi tansyon twò ba.

Men, nan ka moun plis soufri maladi ipotansyon, se lè li soufri maladi ipètansyon, enpi li pran twòp renmèd san mezi pou desann tansyon an, sa ki lakòz tansyon an desann twò ba…

Kisa ki ka pèmèt nou sispèk moun soufri maladi tansyon twò wo?
Maladi tansyon ka fè w santi tèt fè mal, lawouli toutan, li ka fè w anlè, pa ka kanpe, bwete. Lè l twò wo, tansyon an ka pote w nan tèt li fè w vomi, anvi vomi, pèdi tèt ou, li konn fè w endispoze, pèd konesans.

Maladi tansyon ka fè moun rann san nan nen, li ka menm fè w paralize, ou byen li ka paralize ou byen mouri yon bò ou byen toulede bò kò a.

Maladi tansyon ka fè w pa ka pale byen, paske  bouch ak lang la vin lou, ou byen yo vire yon bò.
Maladi tansyon konn fè moun pa wè klè, pa wè menm, li ka fè w avèg, ou byen li ka fè w wè nwa, wè doub ou byen li ka fè w wè twoub…

Kisa ki ka pèmèt nou sispèk moun soufri maladi tansyon twò ba?
Lè moun soufri maladi tansyon twò ba, li ka endispoze pèd konesans, li ka rete bat, li ka menm mouri. Li ka gen lawouli, tèt fè mal, li ka santi l pa ka kenbe kò l, li demanbwe…

Ki prekosyon nou dwe pran pou nou pa soufri maladi ipètansyon, Enpi ki prekosyon nou dwe pran pou maladi ipètansyon pa vin fè nou kokobe?
Nou dwe diminye kantite disèl n ap manje, ou byen pa manje l menm si maladi tansyon an grav. Pa fimen, pa pran tabak, pa bwè gwòg, pa manje piman, pwav, pa manje twòp grès, pa bwè kafe, pa manje twòp dekwa pou  w pa vin twò gwo.

Si w soufri maladi tansyon ou dwe fè travayè sante kontwole tansyon w souvan. Men, pa bliye lè w soufri maladi ipètansyon, kivledi maladi tansyon twò wo, ou dwe swiv trètman prèske pandan tout lavi. Enpi, si w renmen renmèd fèy, wa sonje pwa kongo, fèy monben, bab mayi, militon, lay… kapab ede nou konbat maladi ipètansyon.

Ki prekosyon nou ka pran pou n konbat maladi ipotansyon?
Moun ki soufri maladi ipotansyon, kivledi maladi tansyon twò ba, kapab manje manje ki gen bon sèl, tankou : aransò, aransèl, arabarik, lanmori…, li dwe rete kouche. Si moun sa te soufri maladi ipètansyon, li dwe bwè renmèd li ak mezi, enpi li dwe fè kontwole tansyon li regilyèman, li dwe pran renmèd pou tansyon an vin nòmal.

Mezanmi, Maladi Tansyon kapab vin grav si w pa pran trètman. Enpi, maladi ki grav se ti sè lanmò.

Pa bliye menm ti konsèy sa a : Pou maladi rekile se wou menm ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, se pwoteksyon pou tèt ou, fanmiy ou ak pou tout kominote a.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti