Maladi Sifilis
Maladi Sifilis se yon maladi atrapan,se yon enfeksyon nou pi souvan jwenn nan sèks ki te trape mikwòb maladi a.
Kijan moun ka trape mikwòb maladi sifilis la?
Mikwòb la ka transmèt nan kontak sèks fanm ak gason. Si yon mesye soufwi maladi sifilis, madanm li ap trape mikwòb la lè yo rantre nan relasyon. Si madanm lan al byen ak yon lòt mesye, lòt mesye a pral trape maladi a tou. Maladi Sifilis kapab transmèt nan tete lang. Nan kontak gason ak gason, kivledi masisi, ou byen nan kontak fanm ak fanm, kivledi madivinèz, mikwòb maladi a kapab transmèt.
Gendefwa, kole po kò a konn kole ak po kò moun ki gen mikwòb la nan san l kont pou maladi a trape. Se konsa, nan mete menm rad, kilòt, kalson ak moun ki soufwi maladi sifilis, mikwòb la konn chanje mèt.
Si yon fanm ansent trape maladi sifilis, pitit ki nan vant li ap trape mikwòb la nan san l. Si kal bouton moun ki soufwi maladi sifilis la tonbe atè, lapousyè ka charye mikwòb ki nan kal bouton yo pou mennen l nan blesi ou byen nan plè yon lòt moun ki tou trape maladi a.
Moun ki resevwa san nan lopital, paske yo soufwi anemi san, si san moun lan resevwa a gen mikwòb la, li tou trape maladi a. Si w pike ak sereng ki sot sèvi pou fè piki pou yon moun ki soufwi maladi sifilis, ou kapab trape maladi a tou. Lè mikwòb maladi sifilis la rantre sou yon moun, li pase ant 15 ak 20 jou l ap kale pitit andedan moun lan anvan li kòmanse montre siy ak sentòm enfeksyon an.
Ki siy ak ki sentom ki ka pèmèt nou sispèk yon moun soufwi maladi sifilis?
Yon bann ti bouton ki pa grate, parèt nan sèks moun lan. Apre kèk jou, ti bouton yo vin grandi yo tounen yon gwo plè tou wouj, fòdi se fouye vyann kò a ap fouye. Yo rele plè sa a chank. Chank la pa fè l mal. Malad la gen gwo gland nan debò lenn, ou byen yon sèl bò, men gland yo pa fè l mal. Apre kèk senmenn, plè a, ansanm ak gland yo konn disparèt, menm si malad la pa pran renmèd.
Sa pa vle di moun lan refè. Paske, apre yon mwa edmi ou byen 2 mwa, yon bann ti bouton tou wouj parèt sou tout kò a, sitou nan plat men ak plat pye, nan dèyè, nan peni ou byen nan vajen, nan zye… Gland leve nan plizyè kalfou kò a, ak anpil tach nwa sou kò a. Moun lan gen lafyèv, kò kraz…
Si malad la pa pran bonjan swayaj, mikwòb yo ap rete nan san, enpi li ka tann jis 5 lane pou maladi a pete nan tout kò a, nan sèvo, nan venn ak nan zo yo… Lè sa a malad la p ap chape si li pa pran renmèd prese prese.
Kijan nou ka konbat maladi sifilis?
Lè w sispèk siy maladi a sou wou, chèche chimen lopital ou byen dispansè pou nou ka touye mikwòb yo. Enpi, gen anpil pwekosyon ki ka pwoteje nou kont maladi sifilis.
Ki pwekosyon moun ka pran kont maladi sifilis?
Wou menm gason, si w sispèk madanm ou gen siy maladi a ou ta dwe mete kapòt pou byen ak li,, pa tete lang li, enpi ou dwe pran menm renmèd ak li pandan l ap swiv swayaj.
Wou menm madanm, si w sispèk mesye a nan fè ti pachat, li dwe mete kapòt pou l byen ak wou.
Si w soufwi maladi sifilis, enpi w gen plizyè patnè, se pou tout patnè yo suiv menm trètman. Si w se travayè sante k ap fè pansman pou moun ki gen plè sispèk, ou dwe mete gan nan men w, ou byen se pou w pran anpil pwekosyon pou w pa touche plè a. Enpi, tout bagay ki itilize pou te fè pansman an dwe netwaye, lave, chode, ou byen jete byen lwen, brile yo, dekwa pou van lapousyè pa charye yo.
Pa mete menm rad, kilòt, kalson ak moun ki gen bouton ou byen ki pwrzante siy maladi sifilis. Fanm ansent ki ta soufwi maladi sifilis, dwe pran trètman ak mari l pou pwoteksyon pitit ki nan vant li a. Lè fanm ansent lan bwè renmèd, li pase nan san li, pou li rive jwenn pitit la. Leta, lopital ak lakwa wouj ki responsab zafè bay moun san, ta dwe pran tout prekosyon pou pa bay moun san ki gen mikwòb sifilis ladan ; yo dwe fè analiz pou tout moun ki anvi bay san pou sove lòt moun… Maladi sifilis, tankou tout lòt maladi kapab rekile. Pou maladi rekile, se wou ki dwe pouse l ak patisipasyon w ; lè w pouse maladi, se pwoteksyon pou wou menm, fanmiy ou, ak tout kominote a.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti. |