Maladi Sida
Maladi Sida, se yon maladi ki fè anpil pale, se yon maladi ki mete dlo nan je.
Kisa maladi Sida vledi?
Chak lèt yo nan mo S I D A vledi yon bagay : S la se Sendwòm, kivledi anpil siy ak sentom ki pèmèt travayè sante dekouvri ki maladi moun soufri. I se pou Imino, kivledi defans ou byen pwoteksyon kò a. D se Defisyans kivledi febli. A kivledi Atrapan. Maladi Sida vledi, se yon maladi atrapan ki febli defans ou byen pwoteksyon kò a. Maladi Sida, se yon enfeksyon ak yon mikwòb ki kale pitit andedan kò a, ki gaye nan san an. Mikwòb sa a pral detri tout pwoteksyon andedan kò moun lan ak tout lòt konsekans sa pral genyen.
Kijan moun ka trape maladi SIDA?
Moun ka trape maladi sida, si gason an nan fè masisi, kivledi li rantre nan kontak ak gason parèy li nan dèyè. Moun ka trape maladi sida, lè l rantre nan kontak ak bouzen, lè yon fanm gen plizyè nèg, lè yon nèg gen plizyè fanm. Moun ka trape maladi sida lè l pran dwòg nan venn, lè l gen kontak ak èspèm, kivledi dechay gason an voye ou byen ejakile, si gason sa te gen jèm maladi sida a nan san l, Moun ka trape maladi sida lè l resevwa san moun ki te gen jèm maladi a nan san yo. Moun ka trape maladi sida lè l pike ak yon sereng ki fin sèvi pou pran san ou byen pou bay yon moun ki soufri maladi sida piki. Moun ka trape maladi sida lè l kite san moun ki gen jèm maladi a touche yon ti blese, yon ti grafiyen ou byen yon plè nan kò l. Ti bebe ka trape maladi sida lè l tete lèt yon fanm ki soufwi maladi sida, ou byen ti bebe a ka trape maladi a denpi andedan vant nan san manman l, si manman an soufri maladi sida. Moun ka trape maladi sida lè l tete lang ou byen fè ti bèf pou moun ki soufwi maladi sida…
Ki siy ak ki sentom ki ka pèmèt nou sispèk moun soufri maladi sida?
Moun ki soufri maladi a, gen yon dyare san rete, anyen pa rete andedan vant li, l ap pèdi gwosè, bouch pa dou li pa anvi manje ; lè l ap vale manje, gòj ak lèstomak li fè l mal lakòz ti maleng nan gòj. Andedan bouch li konn blanch tankou lè timoun gen chankalèt, komisi labyal yo, kivledi 2 kwen bouch moun lan konn fann ou byen yo blanch tankou se lè moun gen bòkyè. Lè moun soufri maladi sida, anpil bouton gratèl ak tach nwa konn leve sou li, sitou nan manb siperyė ak nan manb enfreyė yo. Lè sa, travayè sante kalifye èstad sa tankou yon èstad grav yo rele Sakom Kapozi. Moun lan konn gen gwo glann ki leve debò kou l, anba zesèl ak nan lenn li. Zye malad la konn blanch, zong li, plat men l plat pye l konn dekale ou byen vin blanch tankou se moun ki soufri maladi anemi san.
Fanm ki ponkò rive nan laj pou yo fė menopoz, konn pėdi rėg yo, lakòz anemi san an. Moun lan konn gen gwo tous toutan, cheve l konn vin swa, moun lan konn gen gwo lafyèv ki ka fè l depale tankou se lè yo di moun gen movezèspri…
Konbyen tan mikwòb la pase nan san an, anvan maladi a deklare?
Pou pi piti mikwòb maladi sida a pran kèk mwa, pou pi plis li ka pran 5 lane l ap
kale pitit nan san an, anvan maladi a deklare ak tout siy ak tout sentom yo. Maladi sida, se yon maladi ki mennen moun anba tè. Meyè fason nou ka konbat maladi sida, se ak prekosyon.
Prekosyon kont maladi sida
Si w ap fè pachat, wou menm gason mete kapòt, wou menm fanm fè gason an mete kapòt. Si w konnen w gen maladi sida, ou pa dwe bay lòt moun san, ou pa dwe tete lang patnè a, ni w pa dwe fè ti bèf pou li. Nou pa dwe itilize menm bwòs dan, menm razwa pou fè labab, pou fè koup cheve ak moun nou sispèk ki ka soufri maladi sida. Nou pa dwe itilize yon sereng pou fè plizyè piki. Pa pran dwòg. Lè n al fè gwo operasyon, ou byen ti operasyon kitaj iteris, netwaye dan, rache dan lakay dantis, travayè sante yo toujou itilize materyèl ak enstriman byen pwòp, byen ėsterilize. Si san yon moun ki soufri maladi sida tonbe sou yon tab, ou byen atè kote ki ka netwaye, nou dwe netwaye kote a ak dlo javèl, ou ak byen jif.
Enpi, denpi w konnen kijan moun ka trape maladi sida, w ap konnen ki bonjan prekosyon pou w pran, dekwa pou w pa trape maladi sida. Si w bay maladi sida gabèl, li p ap ba w chans, si maladi sida pa ba w chans, anpil lòt moun ka pèdi lavi yo lakòz neglijans ou. Nou dwe fè maladi rekile. Pou maladi rekile, se wou ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou ak tout kominote a…
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|