Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Maladi Pelag
Maladi Pelag
Gen popilasyon kote mayi se pi gwo sous manje, yo prėske pa manje vyann bèt. Mayi, se yon bon manje, men si se mayi sèlman moun manje pandan lontan, sa ka lakòz pwoblèm nan kò a.

Kisa ki ka lakòz moun soufwi maladi pelag ?
Lè moun manje mayi prèske chak jou san li pa manje vyann, moun sa vin manke yon vitamin ki rele Asid Nikotinik, yo rele tou Nyasin ou byen vitamin PP, kivledi Prevansyon  Pelag. Se yon vitamin ki pèmèt kò a fè prevansyon kont maladi pelag. Gen malad ki konn ap swiv trètman pou maladi tibèkiloz, yo konn vin soufwi maladi pelag tou, akòz yonn nan medikaman yo kont mikwòb tibèkiloz la ki detri yon pati nan vitamin PP nan kò malad la. Yon moun kapab vin soufwi maladi pelag si li pa manje kont manje ki pote vitamin PP nan kò a.

Ki i yak ki sentom ki ka fè nou sispèk yon moun soufwi maladi Pelag ?
Malad la gen dyare, sa lakòz li fè l mal lè l vale manje, enpi tou, li vin pa anvi manje. Tèt malad la konn pati, li konn pati kite kay li. Ou byen malad la konn fè tankou se moun ki gen lapenn. Lè moun soufwi maladi pelag, kò a rèd, tout kò l fè l mal, li konn pa santi okenn sansasyon nan yon pati nan kò l, enpi gen lòt pati nan kò a li santi k ap brile l. Po kò moun ki soufwi maladi pelag, prezante yon plaka kout san lè l pran solèy, po kò a rann anpil grès, enpi li gen anpil ti bouton tankou ti pwen nwa, yo rele Akne.

Ki pwekosyon moun ka pran kont maladi Pelag ?
Moun pa dwe pran labitid manje mayi moulen chèch chak jou. Enpi nou dwe manje manje ki gen vitamin PP tankou : vyann, levi byè , nwa, kafe griye.

Lè w byen manje se prevansyon kont maladi Pelag.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Moso listwa Dayiti