Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Pèdisyon

Pèdisyon
Pèdisyon, se pa yon maladi. Plizyè fanm konn pa jwenn èsplikasyon pou ki sa yo pa ka ansent, ou byen kèk chalatan konn fè fanm yo kwè jèm pitit la nan vant, li pa devlope. Se konsa, gen fanm ki kwè yo ka pote yon pitit plizyè lane nan vant. Tout sa pa laverite.

-Nou dwe konnen, lè yon fanm gen règ, li fleri,savledi li pa ansent, li pa gen pitit andedan vant li. Gendefwa, yon fanm konn pa gen règ paske l soufwi maladi anemi san ou byen yon lòt ti pwoblèm, san li pa ansent pou sa. Kèk fwa, yon fanm ansent ka bay ti san regilyèman; lè sa, se pa règ li gen, se ti emoraji li fè.

-Lè yon fanm ansent tout bon vre, pitit la pa ka rete plis pase 9 mwa ak kèk jou nan vant la ; gendefwa pitit la konn fèt prematire kivledi li fèt anvan lè li ta dwe fèt.

Nou pa dwe kwè se lèzòt ki mare vant yon fanm pou l pa fè pitit ou byen pou fè l fè pèdisyon. Travayè sante konnen tout pwoblèm ki ka fè yon fanm difisil pou ansent, ou byen pou ki yon fanm pa ka kenbe pitit andedan vant li, lè l fè fòskouch. Nou pa dwe kwè chalatan k ap tranpe boutèy ou byen k ap bay ben y pou fè swadizan pitit devlope nan vant menm si w pa ansent.

Mezanmi, atansyon pa kapon, ann chèche konnen pou nou fè maladi rekile, dekwa pou n pwoteje tèt nou, fanmiy nou ak tout kominote a.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Moso listwa Dayiti