Maladi Opwesyon
Maladi opwesyon, maladi etoufman, se yon maladi nou jwenn nan plizyè fanmiy peyi dayiti. Gen moun ki kwè se maladi moun ka kloure nan pye bwa, gen moun ki kwè se maladi lèzòm, gen moun ki di maladi las pa gen trètman. Maladi opwesyon atake granmoun tankou timoun, fanm tankou gason.
Poukisa yo rele maladi a opwesyon?
Se yon maladi nan poumon ki lakòz moun lan pa jwenn kont lè pou l rèspire. Poumon, se tankou 2 blad plen lè ki andedan pwatrin kò a. Lè moun soufri maladi opwesyon, poumon yo fèmen, enpi yo difisil pou louvri byen pou lè rantre, se sa ki fè moun lan santi li vle toufe, li pèdi souf.
Kisa ki ka lakòz moun soufri maladi opwesyon?
Gen enfeksyon ki konn lakòz kèk moun vin soufri maladi opwesyon. Souvan se nan ras, nan zansèt yo maladi a soti, sitou si se manman an ki soufri maladi a. Lè moun lan fèt ak maladi opwesyon an, peryòd ki pi favorab pou maladi a deklare, se lè timoun lan fòme. Gen kèk maladi nan tèt, nan nè ak kè sote toutan ki kapab fè maladi a deklare w, si w te deja soufri opwesyon.
Gen kèk flè pye bwa, odè yo kapab fè maladi a deklare. Plim bèt tankou chyen, chat, lòt zannimo, kote ki sitire imidite, lafimen sigarèt, cheve moun, odè lank, odè kèk plastik, losyon, kèk farin, pousyè lè n ap bale kay, bale lakou, kapab lakòz kriz opwesyon an deklare. Lè kèk moun manje zuit kri ak kèk lòt bèt lanmè, sa konn lakòz opwesyon an deklare yo si yo te deja soufri maladi a. Men bagay ki lakòz kriz las la deklare pi souvan, se lè moun kouche sou tapi koton, sou kapèt, paske se nan kapèt ak zorye ak matla koton nou plis jwenn sous ki deklare maladi opwesyon an.
Ki siy ak ki sentom ki ka fè n sispèk yon moun soufri maladi opwesyon?
Se souvan leswa ou byen lannuit maladi a pi rèd pou moun ki soufri opwesyon. Malad la ap touse san rete, li anlè, li pèdi souf, li santi l cho, li pa ka kouche tèt ba san zorye, rim lan ap rele sou lèstomak li tankou se lè w ap fèmen chanyè yon pòt ki pa byen grese. Lè l touse konsa, li pa jwenn anpil larim, pafwa krache a gen anpil flim ak ti kras san. Zepòl moun lan konn kare afòs li fè jefò pou l touse. Li pèdi nannan, li vin piti akòz li pa anvi manje. Malad la konn tèlman pèdi souf, li konn endispoze, kò l vin ble, li konn menm mouri pandan yon kriz las, akòz li pa jwenn lè pou l rèspire. Li kapab mouri asfiksye.
Ki prekosyon moun ka pran kont maladi opwesyon
Tankoiu pou maladi tansyon twò wo, tankou pou anpil lòt maladi, lè yon moun soufri maladi opwesyon, li dwe toujou suiv trètman nan lopital ou byen nan dispansè. Se fòs renmèd ki pou bese maladi a.
Premye pati nan trèman maladi opwesyon, se prekosyon kont tout sa ki ka lakòz maladi a deklare, sitou pousyè ak kapèt ki sòti nan peyi letranje.
Enpi gen bonjan renmèd fėy ki kapab konbat maladi opwesyon.
Lè w pran prekosyon kont maladi, lè w transmèt konesans ou gen sou zafè maladi, se konsa w patisipe nan fè maladi rekile.
Lè maladi rekile, se pwoteksyon pou wou menm, pou fanmiy ou ak pou tout kominote a.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|