Maladi Dyabèt
Pami divès fòm maladi dyabèt, genyen dyabèt sikre ak dyabèt ensipid. Maladi dyabèt, se yon twoub metabolism sik ak dlo kò a.
Dyabèt sikre
Nòmalman, kò a itilize sik nou manje, pou pèmèt nou fè mouvman ak anpil lòt travay andedan kò a. Lè moun soufri maladi dyabèt, sik kò a pa byen itilize, li rete kaye nan san an, enpi yon pati nan sik la pase nan pipi.
Tout moun genyen andedan vant yo, yon gland yo rele pankreyas, ki gen wòl fabrike yon òmo n : ensilin. Se selil bèta nan zile Langèhans, nan pati andokrin pankreyas la, ki fabrike ensilin lan. Se gras ak òmo n pankreyatik sa, kò a rive itilize sik ki soti nan manje, tankou : bannann, patat, tout kalte viv, sereyal, frui…..
Lè moun gen karans, mank ensilin lan, ou byen si pankreyas li pa pwodi l menm, sik ki rantre nan san apre dijesyon manje a, rete kaye nan san an, moun lan vin soufri maladi dyabèt sikre, ou byen ipèglisemi. Se yon twoub metabolism sik kò a.
Genyen 2 fòm dyabèt sikre : Dyabèt tip 1, yo rele tou dyabèt jivenil, ou byen dyabèt ensilino-depandan. Ti moun lan fèt ak maladi a, li ta sanse soufri maladi a denpi andedan vant manman l. Dyabèt tip 2 a, rele tou dyabèt gran moun, ou byen dyabèt matirite, li pa ensilino-depandan, li parèt apre nesans moun lan.
Dyabèt ensipid
Ensipid vledi, li pa gen gou. Moun soufri maladi dyabèt ensipid, lè li gen pwoblèm nan kò a, ki anpeche itilizasyon dlo li bwè, ou byen dlo ki pwodi andedan kò a menm. Nou ka di, dyabèt ensipid, se yon twoub metabolism dlo kò a.
Kisa ki ka lakòz moun soufri maladi dyabèt ensipid ?
Moun ki soufri maladi dyabèt ensipid la, genyen yon mank òmo n antidiyiretik. Òmo n sa fabrike andedan sèvo a, nan pati posteryè gland ipofiz la, yo rele tou gland pituitè. Lè moun manke òmo n antidiyiretik, li vin ap pipi san kontwòl, anpil pipi tout jounen ak lannuit . sa pral lakòz li santi swaf, l ap bwè dlo toutan. Li vin gen pwoblèm nan zye, nan ren, nan veso sangen yo.
Menm jan ak dyabèt sikre, moun ki malad dwe ale konsilte nan dispansè ou byen nan lopital. Enpi, gen anpil renmèd fèy ki kapab soulaje moun ki soufri maladi dyabèt.
Kisa ki ka lakòz moun soufri maladi dyabèt sikre?
Pi souvan, se nan ras moun pran maladi dyabèt ; savledi, si zansèt yo, granpapa, grann, ou byen nenpòt fanmiy te soufri maladi dyabèt, si w nan fanmiy sa, ou kapab vin devlope maladi a tou, paske menm si li ponkò manifèste li deja enskri nan selil kò a.
Gen mikwòb ki konn atake yon gland andedan vant yo rele pankreyas, enpi sa ka lakòz moun lan vin soufri maladi dyabèt. Lè moun lan twò gwo, sa ka fè l vin soufri maladi dyabèt. Gen kèk grenn planin ak kèk renmèd moun konn pran pou bese tansyon si yo soufri maladi tansyon twò wo, sa konn lakòz moun sa yo vin soufri maladi dyabèt.
Gendefwa, sik kèk fanm gwòs ka monte nan san yo, sèlman pandan ti bebe a nan vant yo. Twòp kè sote toutan kapab fè yon moun vin soufri maladi dyabèt. Men, maladi dyabèt, se pa yon maladi atrapan.
Ki siy ak ki sentom ki ka pèmèt nou sispèk yon moun soufri maladi dyabèt sikre ou byen ipèglisemi?
Si maladi dyabèt la parèt ak ti fòs, moun lan p ap santi twòp pwoblèm. Men, si maladi a parèt ak gwo fòs, moun lan pral anvi bwè dlo anpil, li bwè anpil dlo l ap pipi anpil tout lajounen ak tout lannuit. Moun sa ap pèdi gwosè, peni ou byen vajen l ap grate l anpil.
Moun ki soufri maladi dyabèt konn wè twoub, li wè doub, li konn gen maleng nan pye ki difisil pou geri. Zong pye ak zong men l konn pwès, pèdi koulè. Lè sik la monte anpil nan san an moun lan konn endispoze, moun lan konn vomi, gen dyare, li santi l gen kò kraz, li denèfe.
Sik la konn atake venn ak nè moun lan, sa ki ka fè l vin kokobe yon bò ; li konn fè moun lan pa santi okenn doulè. Gendefwa, moun ki soufri maladi dyabèt konn brile nan pye, enpi li li pa menm santi si li brile.
Lè gason soufri maladi dyabèt, sa konn lakòz li manke gason, paske gendefwa peni an konn refize kanpe nan randevou a, ou byen si l kanpe se pou yon ti bout tan.
Alò, nou wè kijan maladi dyabèt, ka fè madanm ak mari koupe fache.
Moun ki soufri maladi dyabèt fè enfeksyon nan po kò ak nan poumon souvan.
Ki prekosyon moun ka pran si yo soufri maladi dyabèt?
Moun ka soufri maladi dyabèt nan nenpòt ki laj. Menm ti bebe andedan vant manman l ka soufri maladi a, sa ki ka lakòz gwo pwoblèm nan akouchman.
Men lè timoun lan fèt ak maladi a, li pi grav pase lè se granmoun li deklare.
Moun ki soufri maladi dyabèt dwe fè egzèsis, sitou si moun lan twò gwo, dekwa pou li pèdi gwosè.
Moun ki soufri maladi a pa dwe manje sik, ni bagay ki ka tounen sik andedan kò a, tankou : pòmdetè, bannann, patat, yanm, farin…
Lè moun ki soufri maladi dyabèt ap manje, se ti moso pa ti moso tanzantan, men, li pa dwe manje gwo plat manje yon sèl kou.
Si w soufri maladi dyabèt, ou dwe fè jefò pou w suiv konsèy sou manje w dwe manje ak manje w pa ka manje, enpi w dwe suiv trètman nan dispansè ou byen nan lopital, paske atansyon pa kapon.
Enpi, pa bliye gen bonjan renmèd fèy kont maladi dyabèt…
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|