Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Maladi Chabon

Maladi Chabon
Nan zòn Limonad, nan nò peyi dayiti, moun yo rele maladi a: maladi ti klou. Se yon maladi ki touye moun wèpawè si moun lan pa jwenn swayaj. Se pa nan batri moun lan pran tankou chalatan vle fè kwè l. Se yon enfeksyon lakòz yon mikwòb ki ka devlope nan po kò a, nan san, nan sèvo, nan mwèl tèt la, nan poumon, nan trip…

Mikwòb sa ka rete vivan nan dlo ki bouyi pandan 10 minit; si mikwòb ki transmèt maladi chabon an pa jwenn gwo chalè, li ka rete vivan pandan plis pase 20 lane nenpòt kote li ye. Nou jwenn maladi chabon nan tout peyi sou latè. Bèt yo ki pi souvan transmèt mikwòb maladi chabon an se: Chat, chwal, mouton, kabrit, kochon, bèf, chyen. Maladi a fè ravaj sitou nan mwa sèktanm, oktòb, novanm ak desanm.

Kijan moun ka trape maladi chabon?
Bèt sovaj ak bèt k ap viv andedan kay, nan lakou, nan lari, tankou chyen ak chat kapab pote maladi a. Menm poupou ak vomi bèt sayo ka transmèt maladi chabon an akòz marengwen, mouch, ravèt, rat ki ka pase nan poupou ou byen nan vomi an al pote mikwòb maladi a lòt kote. Gendefwa, moun ki pa te soufwi maladi a ka vin soufwi l si li mete menm rad ou byen si li itilize menm bwòs dan, bwòs tèt, pen y ak  yon moun ki deja soufwi maladi chabon an. Savledi,maladi chabon, se yon maladi atrapan.

Lè bouche, machann vyann ap detaye, dekape vyann ak kakas bèt ki gen enfeksyon an, maladi a ka transmèt. Pifò moun ki trape maladi a se moun k ap travay nan vyann, se gadò zannimo. Lè mikwòb la jwenn yon ti kote nan po kò a ki gen blese ou byen yon ti bouton, li tou rantre nan kò a. Gendefwa, se nan twou nen, nan bouch mikwòb la rantre. Lè mikwòb la rantre andedan kò a, maladi chabon an pran pou pi piti mwatye jounen, pou pi plis 5 jou anvan l prezante siy ak sentom. Pandan tan sa, maladi a ap kouve andedan moun lan, l ap kale pitit nan gland ak nan san.

Ki siy ak ki sentom ki ka pèmèt nou sispèk yon moun soufwi maladi chabon?
Maladi chabon an ka prezante sou plizyè fòm. Gen fòm chabon nan po kò a, gen fòm chabon nan san, nan poumon, nan trip, nan mwèl tèt,  nan sèvo.

Maladi chabon nan po kò a
Yon ti bouton parèt nenpòt kote nan kò a. Ti bouton an fè moun lan mal, li grate l, li vin gen ti dlo ladan l ; arebò ti bouton an vin tou wouj, enpi ti bouton an pete li fè yon plè, yon ti maleng ; nan mitan maleng lan vin tou nwa tankou chabon dife, se pou sa yo rele maladi a maladi chabon. Apwe sa, yon bann lòt ti bouton leve akote maleng nwa a. Tout zòn maleng lan vin anfle. Selon kote ti bouton an te leve, si se nan kou, kou moun lan pral anfle,. Gendefwa, plè a fè konmsi li geri, men pati kote l te leve a toujou rete anfle. Malad la konn gen lafyèv, tèt fè mal, kò pa bon.

Maladi chabon nan san
Lè moun lan pa al chèche swayaj pou maladi chabon nan po kò a mikwòb maladi a gaye nan san an, nan gland kò a. Moun lan vin gen gwo lafyèv, li ka mouri san li pa gentan rive lopital.

Maladi chabon nan trip
Se lè w manje yon vyann ki gen mikwòb maladi a, lè vyann lan pa byen kwit. Moun sa gen gwo dyare, vant fè mal, lafyèv. Si moun sa pa fè operasyon pwese, l ap mouri.

Maladi chabon nan sèvo, nan mwèl tèt
Lè mikwòb maladi a rive nan sèvo moun lan, l ap pale vye koze tankou moun ki pèdi tèt, yo konn di li gen zonbi ou byen movezèspri, men se pa zonbi l gen vre ; moun lan konn pèd konesans, li ka menm paralize anvan l mouri.

Maladi chabon nan poumon
N ap raple w chak moun gen 2 poumon andedan pwatrin li. Poumon, se tankou 2 blad plen lè k ap louvri pou fè lè rantre andedan kò a, enpi y ap fèmen pou fè lè soti deyò. Se mouvman louvri fèmen 2 poumon yo nou rele rèspirasyon, kivledi chak fwa moun lan rèspire, li boukante lè ki andedan pwatrin lan ak lè ki deyò kò a. Savledi, si lè deyò a gen fatra, si w rèspire l, fatra rantre andedan poumon yo ; si deyò a gen lafimen sigarèt, rèspirasyon an pèmèt lafimen sa rantre andedan poumon yo ; si mikwòb maladi chabon an nan lè deyò a, si w rèspire lè sa, mikwòb maladi a rantre andedan poumon yo, sa ki lakòz ou vin soufwi maladi chabon nan poumon. Fòm maladi sa touye moun pi fasil pase tout lòt fòm maladi chabon yo. Lè moun soufwi maladi chabon, li vin chanje koulè, li vin tou ble, li anlè, li pèdi souf, andedan pwatrin li anfle, l ap touse yon ti tous sèk, li konn krache san, li gen lafyèv, li santi kò pa bon, kò fè mal, moun lan santi andedan pwatrin li ap fèmen. Lè moun lan rive nan eta sa, ka a grav anpil…

Pwekosyon kont maladi chabon
Maladi chabon, se yon maladi atrapan ; denpi w wè siy maladi a, chèche wout dispansè, lopital pou w jwenn trètman. Pa mete menm rad, pa itilize menm bwòs, pen y, pa kouche nan menm kabann ak moun ki soufwi maladi chabon, Lè yon bèt soufwi maladi chabon, nou dwe touye l, si nou sispèk yon bèt mouri akòz maladi chabon, nou dwe fouye twou byen fon lwen nan raje pou nou antere l. Nou dwe byen bouyi dlo n ap bwè, byen bouyi vyann yo pandan plis pase 10 minit. Si w sispèk vyann lan soti nan yon bèt malad, pito w pa manje l, ni pinga w kite chyen ni lòt bèt manje l. Gen vaksen pou pwoteje bèt  kont maladi chabon. Travay bay vaksen pou pwoteje bèt ak popilasyon an, se travay leta. Enpi, pa bliye : Pou maladi rekile, se wou menm ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou ak tout kominote a.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti