Maladi Beri Beri
Gen popilasyon kote diri se pi gwo sous manje. Diri a plante, li rekòlte, li dekòtike, kivledi yo retire pay diri a. Denpi nan dekòtike a, ak lè diri a ap kuit, li pèdi anpil vitamin nesesè pou kò a.
Kisa maladi Beri Beri a ye?
Lè popilasyon an manje anpil diri ki pa gen vitamin konsa, laplipa moun yo ka vin soufwi maladi yo rele Beri Beri. Vitamin ki pèdi lè diri a dekòtike ak lè li kuit nan twòp dlo, yo rele l vitamin B1 ou byen Tyamin. Se yon vitamin ki nesesè pou nè yo nan kò a.
Ki siy ak ki sentom ki ka pèmèt nou sispèk moun soufwi maladi Beri Beri?
Gen plizyè èstad ou byen plizyè fòm maladi Beri Beri. Moun ki soufwi maladi Beri Beri santi pikòtman nan pye, pye yo lou, malad la gen difikilte pou mache, li pa santi okenn sansasyon ni doulè nan pye yo ; gendefwa malad la konn menm paralize pa ka mache.
Lè maladi a gaye plis nan kò a, tout kò a vin pa sansib, malad la santi kè l ap bat twò vit, doulè nan pati kè a ak doulè anba kè. Pafwa malad la konn chanje koulè, li vin pi nwa ; malad la vin anfle, dlo chita andedan tout kò a, sitou andedan poumon yo, sa ki konn lakòz lanmò malad la.
Gendefwa, malad la konn gen anvi vomi, vomisman, konstipasyon, bouch pa dou, etoufman, li konn anwe. Malad la konn pa wè byen, li konn pèdi ekilib, l ap mache tankou se moun ki sou, li konn pèdi tèt li, l ap pale anpil di koze ki pa gen sans tankou se moun ki sou, li konn pèdi memwa.
Ki prekosyon moun ka pran kont maladi Beri Beri?
Lè n ap kuit diri, pa mete twòp dlo, Toufe l enpi fè l kuit nan ti dife. Se pa toulejou pou nou manje diri, gen anpil viv ki ka ranplase diri a.
Manje nou ka manje ki gen bon kantite vitamin B1 ou byen tyamin, se levi byè, fwa di, vyann kòchon, pistach, nwa, farin ble, zonyon, piman, zepina, leti, tomat, kawòt, zoranj, rezen, melon, fig mi, chokola.
Lè w byen manje, ou kapab evite maladi Beri Beri.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|