Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Maladi Anemi

Maladi Anemi
Malgre nou gen mwayen evite l, maladi anemi se yon maladi nou souvan rankontre nan peyi nou. Gendefwa, ou gen maladi a, men w pa konnen si w genyen l ; gende fwa w pa soufwi maladi a, enpi w kwè se li w soufwi ; gendefwa fason maladi anemi an prezante konn fè w kwè se lòt maladi w soufwi.

Kisa maladi anemi san vledi?
Maladi Anemi vledi: pa gen kont san ka p sikile nan kò a. San, se sòs kò a, se li ki pote tout vitamin nan tout pati kò a, se san an ki charye tout sa kò a bezwen andedan kò a, enpi san an charye deyò kò a tout sa kò a pa bezwen. Maladi a pral prezante selon valè san moun lan manke, kivledi selon degre anemi an.

Kisa ki ka lakòz moun soufwi maladi Anemi?
Moun ka soufwi maladi anemi lè li pèdi anpil san nan emoraji, pa egzanp lè l gen gwo blese ki senyen anpil andedan ou byen deyò kò a, lè fanm ap akouche, lè li fin akouche ou byen lè fanm fin fè dilatasyon; lè moun fin fè gwo operasyon, li ka fè emoraji, kivledi pèdi san ; lè fanm gen règ, se yon fòm emoraji ki ka lakòz li vin soufwi maladi anemi. Moun ka soufwi maladi anemi lakòz li malad nan san. San, se nan mwèl zo li fòme ; gendefwa, moun konn malad nan mwèl zo yo ki vin pa ka fabrike san. Moun ka soufwi maladi anemi denpi l ti bebe andedan vant lakòz yon maladi manman an ou byen papa a soufwi ki detri san an.

Moun ka vin soufwi maladi anemi si l manke vitamin ou byen kèk bagay nou jwenn nan manje ki bon pou san. Moun ka soufwi maladi anemi si li malad nan fwa, nan ren, nan trip, si li gen kansè nan san, si l fè operasyon nan lèstomak. Gen fanm ansent ki soufwi maladi anemi paske se san l ki sous pou ti bebe a viv byen andedan vant li. Gen renmèd moun konn pran pou trete enfeksyon ou byen trete maladi epilepsi, renmèd sayo ka fè moun vin soufwi maladi anemi. Lè timoun ap grandi, si li pa byen tete, si li pa byen manje li ka vin soufwi maladi anemi. Gen kèk maladi vè nan vant ki konn lakòz moun soufwi maladi anemi, paske gen vè lè yo tache andedan trip la, se san moun lan yo souse…

Ki siy ak ki sentom ki pèmèt nou sispèk yon moun soufwi maladi anemi san?
Nap raple w, yon siy, se yon bagay ou wè nan kò a ou byen yon bagay moun ka wè ki soti nan kò a, tankou: dyare, vomisman, se siy maladi. Yon sentom, se bagay moun lan santi nan kò l, se li menm sèl ki santi l, men pèsonn pa ka wè l, tankou: doulè, ak kò kraz se sentom…

Siy ak sentom ki ka fè nou sispèk yon moun soufwi maladi anemi, se lè zye ak zong plat men, plat pye moun lan blanch ; kè moun lan bat vit, li bat fò, li pèdi souf, li anlè, li pa ka kenbe kò l, pye l ak tout kò l vin plen, yo anfle ; li gen tèt fè mal, lawouli, li tande plizyè bwi nan zòrèy li, li konn wè koukouy, li santi l bouke fasil, li nève toutan, li gen bouch pa dou, li gen dyare ou byen konstipe, savledi poupou l pa janm nòmal. Si se yon fanm, li konn pèdi règ li, pase plizyè mwa san li pa fleri ; gendefwa fanm ki soufwi maladi anemi an konn bay anpil san lè l gen règ. Moun ki soufwi maladi anemi san konn gen ti lafyèv, enpi fanm tankou gason konn pa anvi rantre nan relasyon ak mari ou byen ak madanm yo.

Ki pwekosyon moun ka pran kont maladi anemi?
Manje fèy zepina, kreson, lyann panye, zèb zegiy, lanman laye, koupye, manje vyann, ze, ren bèt, manje frui, bwè ji. Ti moun k ap grandi dwe bwè bon bouyon fèy, manje legim. Fanm ansent dwe ale nan lopital ou byen nan dispansè pou travayè sante kontwole san yo. Nou dwe bwè dlo bouyi pou nou pa trape maladi vè nan vant…

Maladi pa janm piti ; tankou tout lòt maladi grav, maladi anemi san, lè l rantre sou wou ak gwo fòs, li ka menm mennen w nan simityè. Se pou sa, nou pa dwe bliye ti konsèy sa : Pou maladi rekile, se wou ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou ak tout kominote a.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti