Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Maladi Kwachyòkò

Maladi Kwachyòkò
Ou kapab manje anpil, plis pase sa w ta dwe manje, men w mal manje, paske manje yo pa byen balanse. Anpil moun nan peyi lakay nou ak nan kèk lòt peyi mizè soufwi maladi kwachyòkò. Se yon maladi nou ka konbat, se yon maladi nou ka fè rekile.

Kisa maladi kwachyòkò a ye?
Se yon maladi ki parèt sou moun ki pase lontan li pa manje kont manje li ta dwe manje. Se yon maladi ki parèt lè moun lan pa manje kantite vyann li ta dwe manje, ou byen si li pa gen kont vitamin ki nesesè pou kò a.

Kisa ki ka lakòz moun soufwi maladi kwachyòkò?
Lè timoun yo fè gwo enfeksyon, lè yo gen vè nan vant, lè yo souvan soufri maladi malarya, sa ka fè yo vin soufwi maladi kwachyòkò. Men, moun soufwi maladi kwachyòkò sitou lè moun pa manje vyann ou byen lòt manje ki gen menm fòs ak vyann.

Ki kalite moun ki pi souvan soufwi maladi kwachyòkò?
Timoun pi souvan soufwi maladi kwachyòkò ; men, granmoun, fanm ansent ka soufwi maladi a tou, si yo pa manje manje ki gen menm fòs ak vyann chak jou.

Ki siy ak ki sentom ki pèmèt nou sispèk moun soufwi maladi kwachyòkò?
Lè timoun lan soufwi maladi kwachyòkò, cheve l swa, cheve l chanje koulè, yo vin wouj ou byen blan, vant li gwo, ti figi l, ti kò gason ou byen ti kò fanm li ak kakòn pye l anfle, ti pye l, lèstomak li ak ti men l chèch, zye l fon blanch, plat men l blanch tankou moun ki pa gen kont san nan kò l, pèz timoun sa bese, li gen dyare souvan.

Po kò timoun sa chanje koulè, li chèch, li fè kal, li menm konn fè maleng. Timoun sa toujou mete kò l nan kwen, li pa anvi manje, bouch li pa dou, kè l pa kontan. Timoun ki soufwi maladi kwachyòkò, yo fè enfeksyon souvan, se yo ki fasil trape maladi tibèkiloz, tifoyid ak lòt ankò akòz defans ak pwoteksyon kò yo ki febli.

Kijan nou ka konbat maladi kwachyòkò?
Moun ki soufwi maladi kwachyòkò, dwe manje kont vyann, ou byen lòt bagay ki gen menm fòs ak vyann tankou: lèt, ze, pwason. Nou ka prepare lèt pistach pou moun ki soufwi maladi a konsa: nou pran 6 ti vè pistach, nou griye yo, men nou pa dwe griye yo twò sèk.

Lè nou fin griye pistach la, nou pile y, enpi nou mete l tranpe nan yon kaswòl pwòp ki gen valè 3 kola dlo bouyi frèt pandan mwatye jounen, apwe nou fin koule y, nou adousi l ak yon valè 3 gwo kiyè sik. Lè moun ki soufwi maladi kwachyòkò a fin bwè l, nou ka prepare l ankò pandan plizyè jou. Nou kapab melanje soup kawòt ak lèt pistach la lè nou fin mete 2 ti grenn disèl ladan l pou moun ki soufwi maladi kwachyòkò a bwè chak jou.

Moun ki soufwi maladi kwachyòkò dwe ale lopital pou yo jwenn bonjan renmèd pou konbat enfeksyon ki ka rantre sou yo akòz maladi a, enpi yo dwe byen manje, pran bon vitamin pandan plizyè mwa jis yo reprann kò yo.

Ki pwekosyon moun ka pran kont maladi kwachyòkò?
Moun dwe byen manje, kivledi manje manje ki byen balanse ak sik, vyann, grès. Nou dwe manje plis manje ki pote sik nan kò a tankou viv yo, nou dwe bay timoun yo manje bon ti vyann ou byen bagay ki gen menm fòs ak vyann tankou:
bèt lanmè, bèt larivyè, ze, pistach griye, manba, bon lèt bèf byen bouyi pou timoun ki rive nan laj yo ka bwè lèt bèf.

Fanm ansent pa dwe neglije byen manje; fanm nouris dwe bay timoun yo tete. Lè timoun yo sevwe, yo dwe kontinye bwè lèt bèf jis yo granmoun, fè jefò pou timoun yo manje bon ti kichòy pou vant yo plen chak jou. Lè timoun lan manje 3 ou byen 4 fwa nan jounen an, li pi bon pase si tanzantan l ap manje tcha w.

Kwachyòkò, se yon maladi tankou tout lòt maladi grav, nou dwe konbat li paske : Pou maladi rekile, se wou menm ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou ak tout kominote a.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti