Kapòt
Kapòt, se yon anvlòp ki fèt an kawotchou. Lè gason ap mete kapòt la, se pou peni an nan eta ereksyon, kivledi fòk li kanpe ; enpi gason an ap glise kapòt la rantre pou vlope peni an tankou lè yon moun ap foure yon chosèt nan pye l. Alèkile, kapòt yo vin pi siperyè pase lontan. Konnyè a kapòt yo vin pi fen, pi rezistan. Lè w fin chire anbalaj ki gen kapòt la, w ap remake li fèt ak rebò tou won.
Gen 2 kalite kapòt ; gen kapòt ki fèt ak yon ti rezèvwa, yon ti sak nan pwent li kote pou dechay la tonbe ; gen yon lòt kalite kapòt ki pa gen rezèvwa. Men kèlkeswa kapòt la gen rezèvwa ou byen si li pa gen rezvwa, se ti bout tan anvan gason an mete peni an andedan vajen fanm lan li dwe mete kapòt la.
Lè gason an ap mete kapòt la, li dwe dewoule rebò kapòt la pandan pwent peni an kole ak mitan kapòt la, jis tout peni an rantre andedan kapòt la. Si kapòt la difisil pou l dewoule savledi kapòt la devan dèyè, li lanvè, gason an dwe vire l nan lòt sans la. Si kapòt la pa gen rezèvwa, gason an dwe kòmanse dewoule kapòt la yon ti kras anvan li tache l pou li dewoule l sou peni an…
Denpi gason an fin ejakile, kivledi fin voye, li dwe gentan retire peni an andedan vajen an anvan peni an mòlòlò, dekwa pou dechay la pa gentan pase nan rebò kapòt la. Mannèv ki pi bon, se pou gason an kenbe rebò kapòt la ak tout peni an ansanm pandan l ap rale peni an soti. Konsa, li ka evite malè, kote pandan l ap rale peni an soti enpi kapòt la rete andedan vajen an.
Lè gason an fin dezabiye peni an, lè l fin retire kapòt la, li dwe jete l nan yon bwat fatra. Enpi, se yon sèl fwa gason an ka itilize menm kapòt la.
Kapòt se pwoteksyon pou fanm pa ansent, se yon metòd planifikasyon familyal, men kapòt, se bonjan pwoteksyon tou, kont maladi moun ka trape nan fè lanmou.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|